> Yon Kay anfòm piano, èskew te konn sa? >
top of page
Search
  • Writer's pictureWilgens Sterling

Yon Kay anfòm piano, èskew te konn sa?



Kay piano sa sityel nan peyi lachin, nan vil Huainan, nan provens Anhui. Batiman prensipal la sanble a yon piano nwa ak yon yon eskalye answit yon violon tranparan. Yon konstriksyon tet chaje men ki itil paske li vin reprezante yon referans nan vil Huainan anplis li se yon lekol mizik.


Konstwiksyon tet chaje sa, reprezante yon senbol damou pou sila ki tonbe damou mizik klasik yo, konstwiksyon sa te imajine pa etidyan fakilte achitekti de inivèsite teknoloji ki nan vil Hefei (yon vil ki sityel egalman nan provens Anhui an) an kolaborasyon ak konseptè yon ajans enjenyè ki nan vil la.


Pou pwojè sila, gen anpil materyel konstwiksyon ki te itilize, sitou vè nwa solid, ak vè transparan. Antre batiman fèt avek yon yon gwo violon translisid ki genyen ladanl yon mascheskalye ki fèt an asye, ki mennen vizitè yo tout dwat nan piano a. Piano a ak violon an te konstwi ak yon eche de 50 :1, ki vle di yon 1cm nan vi reyel la egal ak 50cm pou kay la. (donk se yon kay ki 50 fwa pi gran ke enstriman yo).

Piano li menm li genyen yon sant antrènman pou etidyan mizik kolèj ki nan vil Huainan avek anpil makèt vil la. Maket say o sou fòm de plan ou de pèspektiv pou devlopman vil la nan fiti, yo enstale yo nan kay la pou yo attire touris nan rejyon chinwaz sa. Konseptè yo te konnen ke kay sa pou kont li tap pèmèt yo atire toujou plis vizitè nan vil Huainan an.

 

Five stars turismo, le choix idéal en matière de voyage!!!


2 views0 comments

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>