> Tòp 12 bèl Zile ki gen nan mond lan >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Tòp 12 bèl Zile ki gen nan mond lan

Ke l te yon Zile dezète,izole, touristik, arid, ekzotik oswa lòt karakteristik toujou, zile sa yo ki pi bèl nan mond lan gen yon cham san parèy ki konn arive sedwi vakansye oswa senp touris k ap chèche yon ti distraksyon pou libere yo. E, kisa ki te ka pi bèl pou kase oubyen chache strès pase yon moman sou ti Zile sa yo kote ke syèl la f on sèl ak lanmè a epi bèl plaj agogo ? Si ou reve jwi de bèl lanmè ak sab blan, ou pral renmen seleksyon 12 bèl Zile nan mond lan ke nou pote pou ou a ! Atansyon, nou pa mete yo nan lòd, ou gen dwa klasifyeyo selon preferansou. An nou pati pou 12 bèl Zile ki gen nan mond lan. 1. Santorin (Grèce)

Santorin se zile ki pi popilènan zile grèk yo. Sou rezo sosyalyo, nou ta ka konstate kèk imaj de ti zile sa ki bay anpil moun anvi vizite. Li sitou atire atansyon anpil moun gras a peyizaj blan e ble li a epi bèl debouche sou lanmè a… Konsidere kòm pi klasik pa anpil koup, fanmi ak kèk senp touris,Santorin kapab konble dezi anpil moun keseswa avèk : kiltil, istwa l, kuizin peyi an epi aktivite espòtif.Tout moun nan bòl grès yo. 2. Bora Bora (Polynésie française)

Li retwouve l nan Archipel de la société nan Polynésie française. Bora Bora se petèt sa n ta ka di yon paradi sou latè. Gen moun k al pi lwen pou di se petèt youn nan kote ki pi bèl nan mond lan, men Bora Bora pa gen anpil moun k ap viv sou li. Akoz aktivite vòlkanik zile te konn genyen, sa vin rann tè yo fètil ak yon peyizaj ki trè agreyab. Tèt mòn li yo se pi bèl kote ou ta kapab admire lanati. Chaje bèl plaj epi yon klima seren. Bora Bora se yon ti paradi sou latè !

3. Bali, Indonésie

Endonezi gen plis pase 17 000 zile, men Bali toujou parèt nan lis destinasyon twopikal ki pi bèl nan mond lan. Ann demare balad sa ak bèl plaj yo, yo chak gen pwòp cham yo. Se yon ti paradi pou ni abitan yo ni vwayajè k ap chache bon detant. se yon anviwònman vèt kote moun,rivyè, lak, forè ak plaj melanje. Pi bon lè ou te ka ale se ant avril ak oktòb. 4. Île à Vache

Izole de apeprè 200 kilomèt de kapital ayisyen an, ak 10 kilomèt de vil Okay, Île-à-Vache rete yon kote mitik nan lespri touris ayisyen ak etranje yo. Istwa li yo ak pozisyon jewografik li leve kiryozite lakay tout moun. Plaj paradizyak li yo ak bèl katye li yo konstitiye yon veritab atou pou Île- à-Vache. youn nan plaj zile a, Abaka Bay te konsidere pa jeyan nouvèl la CNN kòm 57e pi bèl plaj mond lan an 2013. Akote tout lòt aktiviteakwatik ke destinasyon sa ofri a touris yo, nou pa ka bliye Ospitalite lakay Île-à- Vachoise se yon eleman ki ankourajetouris vin sou zile a. 5. Les îles Galapagos, Equateur

Sid Ameriken yo, prensipalman ekwatoryen yo, gen dekwa pou santi yo fyè. Zile Galapagos se yon espas konsève sou kòt la nan Ekwatè. Avèk yon flò ki eksepsyonèlman rich, ou ka obsève pye fig, palmis kokoye, flè kanivò ak lòt varyete tout koulè, men tou kèk bèt k ap evolye an tout libète. Si ou te toujou reve apwoche tòti jeyan, pengwen, lyon lanmè, pa manke chans ou ! 6. Archipel des Seychelles

Li difisil pou yo chwazi ki zile ki pi bèl nan mond lan, men Archipel des Seychelles, ki sitiye nan mitan Oseyan Endyen an, sètènman merite prim lan. Plaj lejand k ap fè moun reve, bay moun anvi fè avanti ki enkwayab. Ak zile li yo ki antoure pa resif koray, Seychelles se yon kote rezève nan lanati. Ou ka gen chans dekouvri kèk bèt ra , tankou tòti jeyan li yo. Si w s on moun ki pasyone de lanati, sètènman ou p ap regrèt si w f on kout pye Archipeldes Seychelles. 7. Île Maurice

Byenveni Zile Moris, yon ti paradi ki soti nan dlo cho yo ki nan Oseyan Endyen an. Plis pase 500 kilomètde Madagascar, Achipèlla gen ladan zile prensipal lan, Moris, ak zile Agalega, CargadosCarajos ak Rodrigues. Kontrèman ak pifò nan destinasyon yo ki nan lis la, ou ka vwayaje al zile Moris tout ane an. Kote favorab li genyen, puiske li anba twopik Capricorne, sa fè de li yon peyi ki toujou gen bon solèy kote tanperati pa janm desannpi ba ke 16 °C, menm nan sezon fredi. Moris se yon melanjde kilti, kote ke diferan gwoup etnik ak relijye ap viv ansanm . Majoritepopilasyon an se Endou, ak yon gwo enfliyans lang kreyòl. Nan vil yo, ou ka respire yon atmosfè agreyab.Vwayaj sa a pral pèmèt yon bèl koneksyon ant lespri w ak nanm ou ! 8. Sardaigne, Italie

Zile sa, ki nan kè Mediterane a, gen yon seri de plaj admirab ak yon tradisyon nan Ospitalite ki plonje jouk nan rasin li. Byen izole w nan Sab ti paradi sa epi yon bèl enstalasyon kote ke w ka lwe yon parasòl, w ap bliye pou yon jou, tout pwoblèm ki gen nan mond lan. Anplis de sa, Sardaigne se destinasyon ideyalpou fanmi. Yon vizit ap pèmèt ou dekouvri bon kuizin li yo, peyizaj seren li epi plaj pou byen detann ou.

9. Îles Maldives

Zile Maldiv yo se yon modèl paradi twopikal. Se yon zile ki konsakre ak touris k ap chèche detant. Se yon kote ou ta dwe vini si w te toujou reve plaj ki nan bon lonbraj anba bèl pye bwa palmis. Ou ka vini nan Maldiv nenpòt ki lè nan ane a epi jwi solèy li an tou ak lanmè a . Zile Maldiv yo se destinasyon ideyal pou yon vwayaj an koup oswa yon lindemyèl. Si w lwe yon ti kay pou pase kèk jou sou zile sa . Ou pral di nou mèsi, yon fwa ou tounen abò gwo bato nou an. 10. Île de Pâques,Chili

Byenveni nan zile chilyensa, yon lòt paradin an Sid OseyanPasifik la. Met sou sa, li se youn nan destinasyon ki pi ekzotik epi atire atansyon plis moun. Estati li yo sitou Moai yo, ki apeprè yon santèn, se rezon prensipal ki fè anpil moun vin isit la. Pa gen okenn lòt kote nan mond lan tankou ti zile sa nan sans sa. Zile a se tou youn nan pi popilè pou bèl plaj li yo ak kèk volkan : Terevaka, Pioke ak Rano Kau. Vini detann sou sab cho yo a, w ap pati pou vwayaj ki pi ekzotik nan lavi ou ! 11. Cayo Levantado (Samana)

Cayo Levantado se yon ti zile nan Samana yo rele tou Bacardi Island. Dominiken yo di se zile sa ki pi bèl nan Dominikani. Anpil randone egziste soti nan Samana epi travèse a fèt nan 20 minit maksimòm. Sou sit sa, de plaj pataje vedèt la : Playa Grande ak Playa Honda. Yon pati nan zile a rezève pou kliyan bèl otèl sa ki se Gran Bahia Principe men ou ka lajman jwi rès avantaj zile a, plaj ak bèl kote privilejye pou admire balèn ant janvye ak mas. 12. Fidji

Ou paka ap pale de zile ki nan Oseyan Pasifik la pou w pa pale de Fidji, zile sa ki nan Oseyani e ki konpoze de 322 zile, pami yo se sèlman 106 ki abitab. Fiji enspire jenerasyon touris yo ak yon eksperyans kiltirèl irezistib

Pa gen okenn lòt kote nan mond lan tankou zile sa pou resif koray ki antourezile an, destinasyon sa a atire anpil touris chak ane. Yon ti vizit de zile sa p ap kite okenn regrè lakay ou.

Se te yon seleksyon 12 bèl zile nan mond lan kote ke moun kapab jwi yon bon vakans oswa al pase yon bon moman. Èske w konn lòt ki pi bèl toujou ? Èske w vizite youn nan yo déjà ? De tout fason, depi w vizite youn nan sa n sot site yo la, ou pa fouti regrèt.


Rechèch ak redaksyon: Luckensly LUMA

 




prese prese men pwomosyon w t ap tann nan, pa janm sa Five Stars ap travay chak jou pou rann ou konfòtab touttan


35 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>