> Zile Maurice >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Zile Maurice


Se yon zile ki twouve'l nan mitan "achipel des Mascareigne" avek zile "la Reunión" direkteman nan kontinan afrik la. pi presizeman nan oseyan endyen an, nan lès peyi "madagascar".


E li se youn nan pi bel kote ke yo toujou refere tout moun ki vinn fè touris al vizite paske li trè bèl e li gen yon peyizaj ki vrèman ekstraòdinè kap fè'w reve, laba wap jwenn yon nati ki prezève avek yon peyizaj volkanik melanje ak yon jaden flè eksepsyonèl, kote kaskad yo ak gwòt vrèman mèvèye. Anplis de sa li gen yon pak nasyonal ki prezève lavi tout espès zwazo yo, epi sab lanmè li yo ki blan, yon lanmè ki pwòp e san bliye akèy abitan yo ki vrèman toujou bay anvi rete pi lontan sou zile sa.


Se youn nan pi bel destinasyon touristik pou fanmi paske pa gen zareyen venimez, koulèv oubyen eskòpyon donk timoun yo ka jwe lib san pwoblèm. Oh waw telman gen plis ankò si'n pran rakonte'w ou ka fatige ak lekti a, selman gade imaj la wap santi emosyon zile sila 🥰😍


A kiyes ou ta renmen pataje yon bel avanti konsa?🥰

 


19 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>