> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Kaskad anba dlo de zile Maurice

Yon kaskad anba dlo ? Wi ou byen li ou pa fè fot. Si pase sou tèt zile Maurice la nan zòn sidwès la nan kontinan afrik la, wap gen chans asiste ak yon fenomèn mirakile ki vrèman san parèy ki se yon chit dlo anba lanmè a !

Gen yon enkwayab kaskad anba lanmè ble tikwaz sa, yon peyizaj ki san parèy e ki vreman waaww, franchman pa gen mo. Men mefye nou kanmèm de aparans yo ! bagay sa ki sanble ak yon chit dlo a se yon chit sab ki ak tout fòs ak yon vitès de 400m pwofondè nan fon abim lan, ki sòti de yon plato kokotye e ki antrene nan yon abim trè pwofon pa kouran oseyan an. Fòk nou konnen ke zile Maurice la te kreye sa gen anviwon 8 milyon dane pa plizyè eklatman volkanik. Zile sa twouve’l sou youn pi gran plato soumaren ki nan oseyan endyen an, arebò plato a.