> Jaden botanik nan vil Dubai >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Jaden botanik nan vil Dubai


Jaden botanik nan vil Dubai, yo rekonèt li tou sou non « Jaden mirak Dubai », li konsidere kòm youn nan pi gran flè atravè mond lan. Pak vejetal sa li vrèman ekstraòdinè, li gen divès estrikti, divès fòm, ki kouvri ak flè, avek fontèn dlo an fòm eskilti.


Pami bel kreyasyon floral sa yo, gen yon chemen ki chaje ak kè an flè, ak diferan zannimo (senj, elefan, jiraf), divès piramid, divès kay ak tay reyel, yon avyon, plizyè pye palmis e plis ankò. Yon ekip fleris ak peyizajis ap veye ak antretyen sit la chak jou Bondye mete.


Jaden Dubai la ekspoze pi gran kantite konpozisyon flè nan mond lan, yon Airbus A380, ki te figire nan « Guinness World Record ». Pandan vizit ou an, wap gen chans dekouvri tou yon jaden papiyon kote genyen plis pase 15 000 espès papiyon kap voltije sou 9 dom ki konstwi espesyalman pou yo.


Eske se pa mèvèye mezanmi? Sak anpeche’w kole imaj Dubai nan chanm ou toujou ?

 

Sèlman viza oswa Rezidans brezil la epi vòl dirèk


16 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>