> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

8 PI GWO AVYON KI GEN NAN MOND LAN

Èske w gen ide de lajè yon bon teren foutbòl ? Èske w panse gen lòt bagay ki pa stab ke lèzòm ta ka fè nan menm lajè a ? Ebyen si w te g on panse negatif de sa, ou fenk kare nan erè paske lèzòm fè plis ke sa. E pami jan de mèvèy sa yo ke lèzom fè, nou vin pale w de avyon. Se pa nenpòt ti avyon men pito 8 pi gwo avyon, nou ta kapab konpare ak yon teren foutbòl, ki egziste sou ti bout tè sa. · Stratolaunch

Avèk 117 mèt nan sa yo rele envergure la ( rapò deplwaman zèl avyon an ak pis la), 230 tòn, motè sis Boeing 747 ak 28 wou, Stratolaunch a se pi gwo avyon ki te ka konstwi. Li arive konstwi gras ak finansman bilyonè Paul Allen, ko-fondatè Microsoft ki te mouri nan lanne 2018, aparèy jigantèsk sa a fèt pou lanse satelit sou òbit. Dènyemanla, yo reyalize premye vòl yo e nan sans sa li se pi gwo avyonke lèzom konstwiki vole deja. · Antonov An-225 Mriya