> 5 nan 10 bagay inoubliyab ou ka fè Brezil🙆‍♂️. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

5 nan 10 bagay inoubliyab ou ka fè Brezil🙆‍♂️.

Dernière mise à jour : 12 juil. 2021


6- naje nan (Gruta do lago Azul)

kisaw we nan peyi bresil siw ta swete pratike yon aktivite inoubliab? Sa rive kew naje nan yon gwot deja? mwen kwe ke repons ak kesyon sa se "non", ebyen nap pran randevou nan "Gruta do lago Azul". "Gwot lak ble" an kreyol. li sityel nan lwes vil "Bonito", gwot sa vreman eksepsyonel, avek dlo koulè ble limine. e meye moman pouw pwofite de gwot sa se fen desanm ak komansman mwa janvye.

7. Pwofite Viv bèl ti moman ke vil sa ofri nou.

Florianopolis se yon vil ki sitiye l sou zile Santa Catarina, Florianopolis se yon vil ki gen 2 fasèt. La jounen ou kakap al surfer akoz bèl vag vil sa genyen ladan l. Le swa menm ou kapab fete pran pleziw janw vle depiw pa deranje st Ibiza oswa St Tropez. Ou kapab al rankontre pi bèl moun ki gen nan vil sa yo epi amize w jiskaske l fè nwa. Si w poko konnen kisa ou ka fè brezil ebyen ou ka jis al dekouvri bèl ti vil sa

8. Asiste kòmansman kanaval Rio a

li enposib pou'w ale brezil sanw pa patisipe nan pi gran evènman ki gen nan peyi sa. Kanaval rio a se fèt ki pi popilè brezil - e menm pi gran rasanbleman ki genyen nan mond lan. Evènman sa vin pi apresye chak ane. Men tou olye al asiste gran foul la poukisaw pa vini Pito rio de Janeiro yon semèn avan kanaval la? Tout lekòl samba vil la ap fè repetisyon , sa ki pral ba ou yon bèl ide de kanaval la ki pral fèt la. SE vre anpil lekòl fè moun peye antre pou aiste ak repetisyon yo, men sa pa pwoblèm paske pri yo pa egzajere ( 400 € pou chak moun) pou w kapab asiste kanaval la.

9. manje açai fre nan belém )

Pou kesyon manje a menn se sa ki pa manke nan peyi brezil, egzanp nan belém ou kapab al goute pla sa ki se l'açai. L'açai se youn nan meyè espesyalite ki genyen nan brezil. Ke w te manje sou fòm ji oswa sou fòm glas avèk yon bòl (muesli), men gen yon bagay ki klè : w'ap renmen açai. Youn nan meyè andwa ke w kapab al manje yon bon açai fre se nan ( point do açai à belém ) se andwa kote yo rekòlte majorite açai.se yon andwa enkontounab lè w vwayaje brezil.

10. Kontanple chit iguaçu

Kontanple chit iguaçu, ou toujou pa konn sa pou'w fè lè w brezil? Ebyen pran yon ti tan pou w admire bote chit sa ke w preske paka dekri- youn nan pi bèl chedèv lanati nan peyi sa. Li fè pati klèb 7 nouvo mèvèy lanati ki se yon klèb trè fèmen, chit iguaçu yo trè atiran lè w ap admire yo se kòmsi yo vle koupe souf ou tèlman yo fè efè sou ou.genyen plis 6 Milyon lit dlo k ap devèse chak segond nan chit ignaçu a! Li mezire 2,68 km nan longè epi 82 mèt nan wotè, li se youn nan pi gran chit dlo nan mond lan. Pa rate mèvèy sa lè w vwayaje brezil.


 

467 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>