> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Zile Ramree, youn nan zile ki pi mòtèl nan mond lan


Kote sa, li enskri nan Guinness des records, men se pa pou bote li non. Si’w ta depoze pye ou laba, ou riske pa viv lontan paske zile sa chaje ak kayiman.


Birmanie trè rekonèt kòm youn nan pi gwo sit ki chaje ak lòt sit enkwayab ladanl, tankou : Sit Bagan, Lak lnle, Site wayal de mandalay oubyen ankò Vale irrawaddy. Pandan setan, gen yon zile son kote ou pa gen dwa ale sou okenn pretèks si jamè ou ta deside vizite Birmanie. Li gen yon sipèfisi de 1350 km2, Zile Ramree se yon espas a evite malerezman sitou pati nò a ki konstitye yon gwo marekaj. Menm si li lib pou tout moun ki ta vle ale. Ou met kwè’m li pafè pati de kote ou ta renmen pran plezi ale yo. pou yon bòn e senp rezon : Li chaje avek plizyè milye kayiman. Bèt dlo sa se youn nan predatè ki pi danje nan mond lan, selman gad gwosè yo ak kantite a sifi pou’w pipi sou ou menm siw te gason kanson, antouka li preferab ke’w pa kwaze yo s