Istwa efreyan zile sila te kòmanse nan lane 1950. Yon sèten « DON JULIAN SANTANA BARRERA » te abandone ansyen vi li poul te ka vin enstale l an « autarcie » sou zile chamant sa.
Li te pèswade ke gen yon jèn fi ki nwaye nan yon kanal ki vin ante espas la. Pou l te ka ede fantim tipitit la, li te deside anpile plizyè milye poupe abandone e li te akroche yo anpil kote sou zile a.
Li te menm rive fè echanj avek abitan ki te nan anviwon an pou yo te ba l poupe e li menm li te ba yo legim ke l tap kiltive. Nan lane 2001, Don Julia te mouri nwaye menm kote tipitit la te nwaye a. Aprè plizyè ane, poupe yo te vin dekonpoze, e ki vin ba yo yon aspè efreyan.
Men jodya zile a vin devni yon destinasyon touristik efreyan, kote yon ventèn avantirye vini chak jou pa mwayen de yon teleferik.
Wap dakò al fè touris yon kote konsa ?🤔
Kiyès ki anvi al vizite zile sa ? m konnen nou t ap mache ak tout mouchwa wouj nou😄😄
Comments