> Yon ti kout je sou Port-à-Piment >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Yon ti kout je sou Port-à-Piment


Port-à-Piment se yon komin ki sitiye nan mitan 7 komin nan liy ki fòme preskil Sid la ki ka yon 52 km ak vil Okay. Tout bò wout la se lanmè ki bay angouman pou vwayajè yo vizite. Li limite nan pati Lès apati 6e seksyon « Coteaux » epi sou 7e seksyon Chantal, nan pati lwès bè « Port-au-Prince » , nan pati Sid pa lanmè antiy yo, nan pati nò pa 2e seksyon« Chardonières ».


Vil la fonde nan lane 1700, li te rele Figye, men lè panyòl yo te rive nan kot Sid la yo te wè zòn nan tou wouj, yo vin chanje non vil la yo rele li « Port-a-Piment ». Se nan lane 1872 Port-a-Piment fè pati youn nan komin peyi Dayiti ofisyèlman ak yon sipèfisi ki evalye a 6028 km anviron ak yon popilasyon ki estime a 17200 moun, abitan zòn nan rele Port-à-Pimentais.


Sa yo plis pwoduinan zòn nan se kafe, pwa, mayi, Espesyalman pwa kongo, sògo, yanm, elatriye. A koz dega siklòn ki fèt souvan yo, pye bwa ki koupe pou fè chabon, fè ekonomi rejyon an vin bese anpil. Ti vil sa a bèl anpil e li bay moun angouman pou vin ladan l, li gen yon ventèn ri ki byen trase dapre liv Mr Saurel Descombes la ki rele « Port-a-Piment en route ». Gen bèl plaj ak rivyè ki tou pre lanmè a.

Nan pwochen atik la nou pral pale w de « grotte Marie-Jeanne » ki tabli kò l nan yon ti tèt mòn, kote nou ka pran 25 minit konsa pou nou rive ladan. Li trouve li nan bitasyon Ferou, tanperati a nòmal, li gen 60 mil lane konsa depi li te fòme, li gen yon sipèfisi 64 km² konsa ki evalye a mwatye yon karo tè.

 

15 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>