Wilgens Sterling
Yon ti kout je sou Port-à-Piment
Port-à-Piment se yon komin ki sitiye nan mitan 7 komin nan liy ki fòme preskil Sid la ki ka yon 52 km ak vil Okay. Tout bò wout la se lanmè ki bay angouman pou vwayajè yo vizite. Li limite nan pati Lès apati 6e seksyon « Coteaux » epi sou 7e seksyon Chantal, nan pati lwès bè « Port-au-Prince » , nan pati Sid pa lanmè antiy yo, nan pati nò pa 2e seksyon« Chardonières ».
Vil la fonde nan lane 1700, li te rele Figye, men lè panyòl yo te rive nan kot Sid la yo te wè zòn nan tou wouj, yo vin chanje non vil la yo rele li « Port-a-Piment ». Se nan lane 1872 Port-a-Piment fè pati youn nan komin peyi Dayiti ofisyèlman ak yon sipèfisi ki evalye a 6028 km anviron ak yon popilasyon ki estime a 17200 moun, abitan zòn nan rele Port-à-Pimentais.