> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Yon ti dekouvèt sou Catherine Flon.


Lè nap fon ti reflechi sou revolisyon Ayisyèn lan ak evènman ki te debouche sou libète nou, imaj militan sa yo paka pa monte nan lespri nou : Toussaint L’Ouverture Jn Jacques Dessalines, Alexandre Petion ak Henry Christophe. Men revolisyon an pa t'ap ka yon reyisit si nou pa t gen fanm vanyan sa yo, non selman yo te batay bò kote mesye yo men yo te antrene tankou tout solda tou, fè manje e yo te mennen gran seremoni vodou yo tou ak anpil lòt bagay ankò.


Yo te jwe yon wòl enpòtan nan tout nivo nan kesyon sa. Youn nan fanm vayan sa yo se te Catherine Flon. Se yon obligasyon poun soulinye enpòtans fanm sa nan zye pèp ayisyen an paske se li menm ki te koud drapo ayisyen an nan dat 18 me 1803. Sa senbolize idantite ak istwa pèp Ayisyen an.


Pandan ke nou pral gen poun selebre fèt drapo a, ann fè yon ti kout istwa sou Catherine Flon, sitou