> Yon pon selèb an angletè ke yo itilize nan anpil fim. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Yon pon selèb an angletè ke yo itilize nan anpil fim.




Tower Bridge, « an fransè ki se: Pont de la tour » se yon pon ki kapab enkline, ki twouvel nan peyi britanik (Angletè), li sitye nan vil « Londres », li pèmèt machin ak moto pase. Li fe pati de klas pon sispandi yo. Fabrike ak granit pou fasad la, avek asye pou fe strikti li epi ak beton pou fe fondasyon li. Li sityel ant awondisman « bouroughs » de southwark ak Tower Hamlets, tou prè “Tour de Londres” lan. Li se youn nan 4 pon ki jere pa « Services du Lord-maire ». Nan moman konstriksyon’l, Tower Bridge te pi gran (mezire 246m nan longè ak 65m nan wotè) e li se youn nan pon sispandi ki pi sofistike ki pat janm konstwi. Pon sa seleb nan tout mond lan gras avek achitekti li ki patikilye, avek stil neogotik. Li konpoze de 2 gran tour, trè solid, avek yon tablye piyant ki toujou ouvè bay bato ki wo yo pase e san bliye li gen 2 pasrèl pou pyeton. Pon sa ouvè ak tout piblik la depi 1982 sous fò de mizé ki prezante fonksyònman mekanism idrolik ki pemet depi 1894 (dat konstwiksyon pon an pa « Sir John WolfeBarry e Horace Jones).

120 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>