> Yon kay an fòm kalmason nan kapital bulgari. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Yon kay an fòm kalmason nan kapital bulgari.


Escargaot (Kalmason)

Li se yon batiman 5 etaj ki sitye’l a Sofia, kapital peyi bulgari, li sanble vrèman ak yon Eskago (bet nou rele : Kalmason) an. Kay la koresponn byen avek milye li a trè byen e li bay yon ilizyon ke eskago a ap admire tout anviwonman an.

Kay eskago sa te konstwi nan lane 2008 pa yon achitek lokal ki rele Simeon Simeonov ki pentirel avek tout koulè akansyel yo poul ka distenge de tout lòt kay ki nan katye a. komsi konstwi kay la an kalmason (Eskago) pat sifi poul te distenge (ri…). Kay sila a konstwi an wot kalite avek materyo lejè ki respekte anviwonman an. Li pa gen mi dwat, ni kwen, ni bò.

Yo fè konnen ke konstwiksyon an pa gen okenn brik. Sa pran yo 10 lane pou kay sa te konstwi (nou ka di reponn ak ritm eskago a. Loool. Aswit li te ouvri pòt ak gran piblik la nan lane 2009. Kwèm si vle, kay sa devni yon mak nan vil sa e kounya li devni yon atraksyon touristik trèzenpòtan.


 

30 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>