> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Yon gwo kratè kap krache dife depi karant an.


« La porte de l’Enfer egziste, li twouvel nan peyi « Turkmenistan »

Yon gwo kratè kap krache dife depi karant an. Turkmenistan, se youn nan peyi ki pi fèmen nan mond lan, ki vin devni yon atraksyon touristik nan kè dezè “Karakoum”. “se vreman tèrifyan!” daprè sa Goziel Jazkoulieva di, 34 an, ki sòti Achkhabad obsève pou premye fwa touf dife sa ki kontinye ap brile depi 1971.


M pansew ka gen yon ide kounya poukisa yo relel pòt lanfè a. bagay sa ka fè gwo enpak sou yon moun. Men pousel al priye pou mande Bondye padon pou pechel, se ironic men se santiman li souvan bay moun ki gen chans vizitel. Wap gen posiblite wè yon koulè jòn ak oranj nan syel la kap gide kek ra touris ki abitye avantire yo nan espas efreyan sa kap krache dife san rete. Turkmenistan, rete youn nan peyi ki pi izole nan mond lan 25 lane aprè efondreman URSS, ki resevwa pa ane Selman kelke touris ant 12 a 15.000 anplis de 5 lot peyi, selon yon sous ki fe pati komite gouvenmantal touris la.


Malgre danje ke li reprezante, pa gen okenn gri ni pwoteksyon pou entedi okenn touris avanse de kratè sa. Yo livre ak yo menm pou pwoteje tet yo e sitou souvan sab ki arebò yo toujou rive efondre detanzantan.

Rezon egzistans kratè sa li koze pa yon gwo erè kalkil syantifik sovietik yo. Nan lane 1971, jeològ sovietik yo komanse fouye yon gran twou, men pèsòn pat janm rive imajine ke o final,ke se te yon espas ki gen min gaz yo tap fouye a. daprè sa AFP rapòte : pandant yo tap fouye, yo te tonbe nan yon twoum kote materyel foraj la te disparet sou zye yo. Men erezman pat gen moun mouri. Pwiske yo te pè pou kratè a pat bay yon gaz anpwazone, yo te deside mete dife ladanl.


Syantifik yo te espere ke dife a tap seche gaz la. Men flanm dife sa pa janm rive etèn depi déjà 40 lane. Ki vin devni yon senbol de rezev gaz nan peyi Turkmenistan, 4em rezev gaz ki pi gwo nan mond lan. An reyalite, ekspè turkmene yo déjà eseye etèn li plizyè fwa men san siksè.

Rezèv natirel sa etann li sou plis pase 90.000 ekta tè.prezans espas atire kiryozite anpil touris avek gwo chèchè mond sa.

385 vues0 commentaire

Comments


POSTS RÉCENTS

bottom of page