Wilgens Sterling
Yon Bus ki kapab janbe machin ki nan wout yo
Pa gen plas pou enstale yon « Tramway » nan lari « Montreal oubyen Quebec » ? Ebyen plizyè enjenyè chinwa met tèt ansanm la epi yo jwenn yon solisyon ki enkwayab : Ki se yon « Bus » ki wo kap kapab pase sou tèt machin yo nan lari a. Yo bay « Bus » sa yon ti non ki se : « Wagon 3D Express Coach », li gen posibilite pou’l pote 300 pasajè ak yon vitès de 40km/h.
Sa’k pi bel la sèke li koute mwen chè ke tren yo, e li pèmèt yo diminye blokis la de 20% a 30%. Epi yap bezwen sel yon lane pou konstwi 40km rezo a, daprè pawol pwomotè chinwa yo, presizeman antrepriz « Shenzhen Huashi Future Parking Equipement ». Travay pou yo entegre premye liy de 185km nouvel dispozitif sa, nan vil Pekin, ap kòmanse nan kelke semèn ankò.
