> venise, yon vil ki chaje ak enspirasyon womanik >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

venise, yon vil ki chaje ak enspirasyon womanik

Venise se yon vil ki aksesib pa bato ki twouve’l nan peyi itali. Li etann li sou 118 zile ki separe pa yon rezo de kanal e li relye pa plizyè pon. Venise konsidere tou tankou vil damou pa ekselans. Ou pa ta renmen konnen kisa ki koz vil sa si patikilye a ?


Fòk nou diw an premye lye ke vil sa enspire anpil otè womantik tankou Alfred de Musset, georges Sand, Cassanova ke yo konsidere tankou « L’aventurier Venetien », ekriven yo nan syèk pase yo te konsidere vil tankou yon repè enspirasyon yo. san bliye atis chantè yo jounen jodya donk vil sa te yon model nan pwodiksyon literè yo kote ou viv lanmou. An XVIIIe syèk, Venise te konsidere kòm vil ewopeyèn ki te pi elegan e’l te egzèze yon fòt enflyans sou domèn atistik la. Ki te konsidere tou tankou yon vil ki te gen ti mès li, asosye ak dezi lanmou ak libètinaj. Selman li liv ekriven italyen sa « Pompeo Molmenti » wap gen yon ide de sa. Se prensipalman konsa Venise te devni vil lanmou nan memwa kolektif istorik.


Vil la jounen jodya devni selèb pou kanal li yo, sitou gran kanal la ak teleferik li yo, divès legliz li yo, avek « Pont des soupirs », e kanaval li a. se yon vil ki ofri anpil bel moman ak koup yo ak deseri de kote womantik : tankou yon kouche solèy sou plas San Marco, yon ti flannen nan teleferik sou tèt kanal yo chaje ak palè renesans, dlo a ki vrèman kalm, andwa pou’w anbwase yon pon an wòch, ti bizou nan ryèl trè fème yo e enpe fènwa. Jan de moman sa yo, ou pa jwenn lòt kote ke nan Vil Venise sa.

 


30 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>