> Yon peyizaj ke anpil moun panse ki imajinè men ki bèl e byen egziste. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Yon peyizaj ke anpil moun panse ki imajinè men ki bèl e byen egziste.

Dernière mise à jour : 30 avr. 2021


Montay Tianzi de Zhangjiajie nan peyi lachin, oubyen ou ka rele’l « Montay Hallelujah » nan film Avatar. Tianzi Shan, « Montagne du fils du ciel » se yon pik kolosal ki mezire 1250m nan mitan plizyè montay de Zhangjiajie nan peyi lachin. Yo rekonet li plis sou non : « Montagnes de la planete Pandora dans le film Avatar » dekò sa ke nou panse imajinè a poutan egziste bel e byen ! « Montay avatar » se propryete Parc National de Zhangjiajie. Kote sa posede divès tip zannimo daprè sa’n ka konstate nan forè « Pic karstiques » la. Pak natirel Zhangjiajie klase nan patrimwàn mondyal de UNESCO.


Pak la se espas pou plizyè espès zannimo ki an vwa de disparisyon. Randone peyizaj sa inik e enkwayab, kotew ka pase plizye jou ap eksplore espas sa ki chaje ak jwayo natirel, pyebwa ki ra, lak kap briye ak yon bwazman remakab. Montay Tianzi yo gen yon ti sinon an chinwa ki se : « premye montay etranj an chin ». « Le mont Hallelujah » se andwa tounaj Film Avatar te reyalize. Meyè peryod pou vizite « Monts Tanzi » se an avril ak oktob. Peryod sa se 2 meyè mwa pou vizite Zhangjiajie paske klima trè agreyab ak yon sezon ki chaje ak touris.

 




439 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>