> Tòp 5 gran vil an ewop >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Tòp 5 gran vil an ewop

Nan kontinan ewop la gen prè de 380 milyon abitan kote ke ¾ ap viv nan gran metropol. Ansyen kontinan an li jeneralman vast e kolosal paske yo konte plis ke 500 000 vil ki gen ladan yo plis ke 50 000 abitan. Kounya nou pral prezantew pi gran vil nan kontinan ewop la. An deyò de klasman an, « Moscou » se pi gran vil ewop la de lwen. Avek 12 milyon abitan ofisyelman anrejistre devan otorite gwo bout tonton vil ewop de lès sa ki gen yon gwosè ki vreman demezire. An verite kapital « Russe » etann sou prè de 2150 kilomèt kare ak fòt kantite popilasyon avwazinant lan ki a 5000 abitan pou chak kilomet kare.

Londre, Royaume-Uni (1) : se pi gran vil nan kontinan ewop la, li rasanble 8,98 milyon abitan. Deprè yon resansman ki te fèt nan vil « Londres » lan nan lane 2019.



Berlin, Allemagne (2) : genyen antou 3,77 milyon abitan daprè dènye dekont ki te fèt nan lane 2016. Kapital mod ak atistik modèn lan, « Berlin » akeyi chak ane yon festival sinema. Kote yon rekonpanse meyè film lan a pa yon twofe “Ours d’or de Berlin”.

Madrid, Espagne (3) : kapital espanyòl lan konte 3,17 milyon abitan. Men lè ke yo pran tout aglomerasyon an kont, ebyen chif sa monte jiska 6,6 milyon daprè yon resansman nan lane 2019. Men kèk bagay yo fè nan week-end nan vil madrid la; pandan pasaj ou a nan Madrid la ou ka tou pwofite dekouvri atmosfè jenyal reyalizatè Pedro Almodovar, fè shopping nan “Bimba I Lolo”, “zare”, “Mango”, “Desigual” e sitou pa rate “Uterque”. Wap gen chans goute “Churros” avek yon tas kafe (para llevar – take away), pran yon vè “Rioja” avek kek “pinchos ou Tapas” avan tidejene a oubyen dine a. San bliye plas “Mayor” la ak boutik liks yo, mize “Prado” a. e pou fan foutbòl yo ou kapab toujou eseye ale nan yon match “Real Madrid” pouw ka dekouvri anbyans kap anime nan tribin club madrilène lan.


Kiev, Ukraine (4) : Avek 2,87 milyon abitan li yo, « Kiev” se youn nan pi gran vile wop la. Bel gwenn kapital esklav sa (Slave), te a yon epòk egzakteman nan peryòd premye milenè a, se te kapital istorik Russie ak bèso mond esklav la (Slave)

Rome (4), youn nan pi gran vil nan kontinan ewop la :

« Rome », li asiste grandè ak dekadans anpi women an, vil milenè ki genyen ladanl vil Vatican an. Vil la genyen 2,87 milyon abitan daprè resansman nan lane 2017. Men kek bagay ou ka fè nan vil “Rome” lan: ou kapab lwe yon “vespa” pou’w fè tour vil, manje glas, flannen nan pak “Villa Borguese” la, vizite « Villa de Medicis », enjoy yon bon pla espageti nan yon restoran ki elwanye nan zòn touristik yo, bwè yon ti kafe “restreto”, fè yon “voeux” touprè fontèn “Trevi” a, vizite “Vatican” eta ki pi piti nan mond lan ak “chapelle Sixtine”. Meyè moman pou’w vizite “Rome” se Avril ak Jwen, konsa tou nan mwa septanm.

Paris, France (5) : Byenvini nan vil Paris, vil limyè ki genyen 2,14 milyon abitan daprè yon resansman 1e janvye 2021, li se pi gran vil « France », li monte jis nan 5e plas klasman vil ki pi gran nan kontinan ewop la. A note ke « Paris » se sel vil nan kontinan ewop la ki pèdi nan abitan’l yo. parapò ak lojman sosyo yo. ki siyifi ke malgre ogmantasyon nonb lojman a « Paris », klas mwayèn lan, fas ak ogmantasyon pri imobilye yo, abitan yo oblije ale pi lwen. Akoz de ogmantasyon imobilye yo, se sel lojman ki pi chè yo ki rete, ki nan pri 10 000 ewo pa mèt kare.

 

21 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>