Tulum se petèt pi bel plaj nan tout peyi mexique la epi tou li kapab petèt youn nan pi bel espas pou fè foto nan mond lan : Tulum, andan kè « Riviera Maya ». Anplis de bel long plaj natirel an koulè ble azur la, ou kapab pran tanw pouw admire « Ruines Maya de Tulum » ki se yon gwo falèz ki sitye’l sou lanmè karayib la. Nan rejyon Tulum lan genyen pi gran konsantrasyon Lak ki kreye atravè yon rivyè ki pase anba tè a. Wap gen chans vizite’l selman siw gen ase de kran pouw plonje ladan’l paske li plis konseye avek plonjè ki eksperimante.
Lak anba tè ki pi bel a Tulum yo se: Cenote cristal – Gran Cenote – Cenote Escondido. Vil Tulum lan, li a kelke kilomet de plaj la, ki ofri yon varyete otel, rezidans ak apatman ki kapab satisfè tout bous. A kote vil la wap jwenn 2 pak atraksyon prensipal nan rejyon an, ki se :
« Parc eco-touristique Xel-Ha » ki se yon pak natirel ki gen anpil plaj istorik ladanl depi sou epòk ispanik yo ki sitye nan nò vil Tulum lan. Li rekonet kom pi gwo aquarium nan mond lan e pou kek moun li se youn nan pi bel destinasyon peyi meksik la.
« la reserve de biosphere de Sian Ka’an » ki se yon zòn san pou san natirel. Ki sitye’l a kote de « Cotes des Caraibes » la, nan sid Tulum. Kote wap ka santiw vreman an kontak direk avek nati an, trè lwen de yon pakèt touris ak tout gwo vil yo.
Gen anpil plezi kew ka viv sou plaj ak sab blan yo, fore ranpli ak mangrove. Akonpanye ak yon dividal kayiman, dofen, chov-souri, puma, tapir ak plis ke 300 espes zwazo, enkli Toukan ak Quetzal. Se vreman yon paradi ki ankò prezève nan mond lan !
Comentarios