Bato ki disparèt, avyon ki pa ka jwenn. Ki moun ki pa janm tande pale de triyang lan Bermuda trist? Zòn jeyografik sa a, ki chita ant Florid, Pòtoriko ak achipèl Bermuda, kouvri prèske plizyè milyon km2 e li alimante rimè tankou fiksyon. Kisa
k ap pase konsa nan triyang sa ? Èske li madichonnen ? Èske se yon kote mistik ? Kèk moun fè konnen ke son espas ki gen ekstraterès, yon lòt site ki gen anba lanmè a. Anpil ipotèz tèt chaje ap sikile sou zòn sa. Jodi a, nou pral fè vwèl nou pou kote sila a. Èske Lasyans ta kapab eksplike li.
Se nan Triyang Bermudes la an 1945, yon flòt ki te gen senk avyon Ameriken disparèt san kite okenn tras. Dènye mo moun ki te abò yo di nan radyo a te bay laperèz : " ta sanble ke nou ap antre nan dlo ki twoub... Nou konplètman pèdi ". Yo pa janm arive jwenn okenn tras nan yo: 14 moun te pèdi lavi yo nan trajedi sa, nan vòl 19 la, ak 13 ankò nan tantativ pote sekou nan moman an.
An 1947, yon resansman fè konnen ke plis pase 50 bato ak 20 avyon disparèt nan yon syèk. Pami yo te gen senk bato tòpiyè nan 19 èskwad marin ameriken an (vòl 19) an 1945 ak avyon ekip sekou a ki te ale nan rechèch yo. Istwa sa te atire atansyon Laprès, e an 1950, jounal Ameriken Miami Herald te premye enstans ki pibliye yon atik sou zòn triyangilè sa ki konekte Zile Bermude yo, pwent Florid ak Pòtoriko. Men, tèm "Triyang Bermude lan" te popilarize jouk nan lane 1964, nan yon atik ki soti lis yon douzèn disparisyon bato, ak avyon. Atik sa te gen tit " Le mortel Triangledes Bermudes. "
Teyori yo pa sispann anchene pou eksplike avyon ak bato ki disparèt nan zòn sa. Yo pale de anlèvman pa ekstraterès yo pou etidye nou ; enfliyans Atlantid lan kontinan lejandè sa ki ta swadizan retwouve l nan zòn sa ; oswa toubiyon k ap pran lòt dimansyon... Erezman, syantifik yo te voye je sou kesyon an. Ajans Ameriken pou Obsèvasyon Oseyan ak Atmosfè a, ( oswa NOAA, yon sòt de ekivalan NASA men l kategorize sou oseyan yo) arive idantifye plizyè ipotèz. Pa egzanp,twoub jewomanyetik ki ta kapab bwouye enstriman navigasyon yo, oswa pòch gaz metàn ki soti nan fon Oseyan an ki ta kreye yon twou anba bato yo. Konsa tou, majorite nan disparisyon sa yo, ki gen ladan sa yo vòl 19 la, si nou vle kwè analiz epòk la, ta kapab eksplike pa tanpèt twopikal yo ak siklòn oswa chanjman rapid epi vyolan ki konn gen nan Gulf Streamla., Yon kouran lanmè ki sikile nan zòn sa a. Triyang Bermude la se tou episant yon aktivite metewolojik patikilyèman vyolan ki konn fèt nan zòn nan. Yon pwen reyinyon pou siklòn, tanpèt ekwatoryal ak loraj soti nan kòt Meksiken an, anpil nan van plis pase 270 km / h se sous gwo vag ki konn gen nan nivo sa tou.
Oseyanograf Britanik Simon Boxall nan Inivèsite Southampton eksplike ke vag sa yo, jan yo souvan dekri yo, ka rive jwenn jiska 30 mèt wotè epi yo kapab chavire gwo bato. Vye vag sa yo, ke rele tou "vag selera", souvan parèt nan mouvman yon vag nòmal. Repatisyon vag sa yo sou yon echèl global la, sepandan, toujou mal konprann pa syantifik yo, men sa arive pèmèt moun jwenn limyè sou mistè ki antoure disparisyon sa yo nan Triyang Bermude la.
Moun ki konn lanmè byen, pou evite dega, toujou pase kwa sou zòn sa. Byen ke, espesyalis nan zafè oseyan pa konsidere l kòm yon kote ki gen danje ke sa, sa p ap anpeche ke anpil moun toujou mefyan de kote sa. Antouka, nan Oseyan Atlantik la, triyang Bermude se kote moun plis pèdi lavi yo.
Redaksyon | LuckenslyLUMA
Comentarios