Ayiti se youn nan peyi ki regwoupe plis gwòt nan karayib la. Kisa ki yon gwòt ? Jeneralman, yon gwòt se yon espas ki twouve l anba tè e syans ki okipe l de zafè sa se speleyoloji. Youn nan pi gwo gwòt nan karayib la retwouve l sou ti bout tè Desalin nan e se Grotte Marie-Jeanne ki twouve l patikilyèman nan komin Port- à-Piment, depatman Sid.

Yon ti kout je sou Port-à-Piment Port-à-Piment se yon komin ki sitiye nan mitan 7 komin nan liy ki fòme preskil Sid la ki ka yon 52 km ak vil Okay. Tout bò wout la se lanmè ki bay angouman pou vwayajè yo vizite. Li limite nan pati Lès apati 6e seksyon « Coteaux » epi sou 7e seksyon Chantal, nan pati lwès bè « Port-au-Prince » , nan pati Sid pa lanmè antiy yo, nan pati nò pa 2e seksyon« Chardonières ». Vil la fonde nan lane 1700, li te rele Figye, men lè panyòl yo te rive nan kot Sid la yo te wè zòn nan tou wouj, yo vin chanje non vil la yo rele li « Port-a-Piment ». Se nan lane 1872 Port-a-Piment fè pati youn nan komin peyi Dayiti ofisyèlman ak yon sipèfisi ki evalye a 6028 km anviron ak yon popilasyon ki estime a 17200 moun, abitan zòn nan rele Port-à-Pimentais. Sa yo plis pwodui nan zòn nan se kafe, pwa, mayi, Espesyalman pwa kongo, sògo, yanm, elatriye. A koz dega siklòn ki fèt souvan yo, pye bwa ki koupe pou fè chabon, fè ekonomi rejyon an vin bese anpil. Ti vil sa a bèl anpil e li bay moun angouman pou vin ladan l, li gen yon ventèn ri ki byen trase dapre liv Mr Saurel Descombes la ki rele « Port-a-Piment en route ». Gen bèl plaj ak rivyè ki tou pre lanmè a. Nou pral pale w kounya de « grotte Marie-Jeanne » ki tabli kò l nan yon ti tèt mòn, kote nou ka pran 25 minit konsa pou nou rive ladan. Li trouve li nan bitasyon Ferou, tanperati a nòmal, li gen 60 mil lane konsa depi li te fòme, li gen yon sipèfisi 64 km² konsa ki evalye a mwatye yon karo tè.

Prezantasyon gwòt la
Gwòt la te egziste avan li te pote non « Marie-Jeanne » oubyen Majann nan. Non sa a soti sou tan lakoloni, gen anpil moun ki pale sou non sa a kote yo ta sanble di verite, men nou kenbe sa a : listwa di nou « Marie-Jeanne » te yon negrès byen fèt, byen kanpe, ke esklav yo te konn itilize pou vire lòlòj kolon yo pou dezame yo. Kidonk selon listwa, negrès la te konnen anpil kolon. Lè yo panse ak listwa, kote yo twouve kantite sal gwòt la genyen, ki se 36, yo te rele li « Marie-Jeanne » pou konpare atitid li te genyen ak kolon yo. Gwòt «Marie- Jeanne» se yon tinèl anba tè ki gen anpil detou ak anpil gran sal, ki kache dèyè anpil pye bwa ak lyann pou pwoteje l. Sou tout wout la nou jwenn anpil wòch yo bayo non wòch ravèt oswa wòch « vacuolaire » nan lang Vòltè a. Nan pawa gwòt la gen nich myèl ak gèp nan lyann yo ki trouve yo nan antre a, gen yon pakèt pye bwa ki fè tèt gwòt la sanble ak yon « forêt » e se menm pye bwa sa yo ki fè gwòt la yon gwòt vivan. Genyen yon faune tou ki gen ladan l « chauve-souris » (chòchòt),nich zwazo ak zarenyen.Kaka « chauve-souris » yo ki pote non « Guano » sèvi kòm angrè pou latè. Gwòt yo prezante yon patikilarite mistik nan yon lespri mitolojik.Gen nan yo moun al ladan yo pou fè seremoni. Nan gwòt “Marie-Jeanne” se misyonè legliz katolikyo ki te bay chanm yo non, sa te fèt yon 18 jiyè 1972 espesyalman pè Polo ki se te evèk Port-de-Paix nan moman sa a. Gen non yo bay ki gen rapò ak listwa gen lòt non yo bay ki gen rapò ak relijyon. Nou pral enfòme w sou 3 sal pou piti: 1. Premye sal la se « salle à ciel ouvert » ki konsidere kòm sal datant, kote nou jwenn wòch ravèt oswa « vacuolaire »ki se yon seri de wòch ki fòme a pati de yon pakèt kouch kalkè ki akimile sou li, sa pèmèt dlo antre nan lòt espas ki nan woch yo. Dèyè sal datant lan nou jwenn yon espas ki bèl anpil, ki gen yon kalite wòch ki klere tankou kristal, anplis gen yon bèl jaden ki anlè kote n te ye a, ke yo rele « jardins suspendus » Nan menm espas sa a, nou jwenn wòch ki pandye,ki ta vle bay enpresyon ke yo ta vle tonbe ki pote non wòch « stalactite », e tout sa ki soti anba pou monte, yo rele yo « stalagmite », e pwen kote yo rankontre a rele Kolòn.Granmoun lontan yo te konn pale de wòch ki grandi men syantifik yo pale de fenomèn paske dlo lapli a fonn wòch yo ki vinbay « stalactite » ak « stalagmite » yo, se yon fenomèn ki pote non « phénomène dissolvant ».
Dlo lapli a konsève gras ak pyebwa yo ki vin bay « nappes phréatiques » la ki konsève dlo a pou li pa koule vit li pran l ti gout pa ti gout. La nou ka pale de « grottes vivantes ». Si pye bwa yo pa egziste, pou konsève dlo a ki pou toujou alimante gwòt la, yo pale de « grottes inertes » oubyen yon gwòt ki pa gen aktivite. Nou jwenn de kalite wòch nan gwòt la : se wòch « magmatiques » ki gen kristal ladan ki fòme a pati aksyon chalè a, nou jwenn li nan dezyèm kouch tè a ki rele manto ak wòch kristalize oswa wòch kalkè ki fòme a pati aksyon dlo a sou kalkè a. Nou twouve wòch kristalize a nan dezyèm kouchtè a ki se kouch sipèfisyèl la. 2. Dezyèm sal la ki se yon sal ki fènwa « salle à ciel fermé » pote non « cathédrale Marie-Jeanne », ladann nou jwenn anpil stati ki gen fòm diferan tankou : nou jwenn sa ki gen fòm elefan, fòm chen, fòm bouji, fòm sen legliz ak jipon Marie-Jeanne lè w frape l ki sonnen tankou tanbou. Nan menm sal sa a nou jwenn lòt pati ladan l ki se : « Salle des gâteaux, clinique dentaire, la voute étoilée ». ∆3.Nan sal ki pi fè nwa a ki se dènye sal la ki pote non « salle du cul de sac ». Anpil moun lè yo rive, depi yo etenn tout limyè epi fè yon gran silans kote pou tande sèlman bri ti gout dlo ak chov souri, ou p ap santi okenn prezans kote w. Sa montremèvèy ak kapasite touristik peyi a ka ofri.

Prezans gwòt « Marie-Jeanne »nan espas gewografik nou an se yon eritaj ki gen anpil enpòtans nan je « Port-a-Piment », nan lavi pèp ayisyen, se yon gwo senbòl nan kilti nou ki tabli yon relasyon ant nou menm ak listwa nou lè nou konsidere kantite lane gwòt sa a genyen. Se yon kote yo fè anpil rechèch akewolojik enpòtan. Gwòt Marie-Jeanne makonnen ak kilti pèp ayisyen, ansanm ak kreyativite nou, ki ta dwe yon diplis nan devlòpman peyi a sou plan kilti ak ekonomi.Yon mèvèy konsa ke lanati fè nou kado pa gen dwa rete kache, nou dwe fè tout sa nou konnen pou nou fè moun konnen li egziste,se poutèt sa leta gen patisipasyon pa l nan mete bon jan mwayen pou sit sa yo itil peyi a jan sa dwe fèt. Kidonk nou kapab di gwòt « Marie-Jeanne » gen yon kokenn chenn enpòtans malgre leta pa mete okenn estrikti pou eksplwate tout posibilite gwòt sa a ofri nou, pandan yo bliye pakèt sit touristik ki ka fè lajan antre nan ekonomi peyi a, espesyalman gwòt Marie-Jeanne ki se pi gwo ak pi gran gwòt nan peyi a ak nan karayib la.
Redaksyon / Luckensly LUMA
Comments