> Tout detay sou varyan OMICRON >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Tout detay sou varyan OMICRON

Depi apre aparisyon COVID-19lan nan vil Wuhan ( Chine ), nouvo varyanyo pa sispann grenpe echèl. Nou te konnen varyan brezilyen, varyan espanyòl, elatriye. Ebyen, dènye varyan k ap bat lestomak li pou kounya se OMICRON. Yo te repètoryepremye ka varyan sa an Afrik pi presizemanAfrique du Sud depi lè sa, anpil peyi fèmen fwontyè ak Afrique du Sud yon fason pou te frennen dega ke Omicron ka koze. Ebyen, Omicron te gentan fofile kò l pou l tabli kò l nan diferan peyi. Dezòmè, OMS ( Òganizasyon Mondyal Sante ) deklare ke viris sa se yon preyokipasyon pou lemond e gen anpil faktè ki eksplike sa.

Viris yo pa statik,sa ki vle di yo toujou ap devlope e pran diferan aspè, sa yo rele mitasyon an. Ebyen varyan sa tèlman gen mitasyon, viwològ yo ak ekspè yo nan domèn sa rete bouch be. Y ap fè fas ak yon varyan ki trè diferan de varyan Delta ak varyan Alpha. Omicron tèlman diferan ke yo paka jwenn vrèman kote l soti, sa ki soulve anpil kesyon : ki kote li te kache pandan tout pandemi an ? Selon ekspè yo, gen twa eksplikasyon posib :

1. viris lan genlèt ap sikile epi evolyenan yon popilasyon ki pa t gen twòp siveyans;


2. li kapab t ap pèmite oubyen evolye an silans nan yon pasyan ki p at prezante okenn sentom.


3. li kapab t ap evolye nan yon lòt èt vivan epi ki transmèt nou li.

Gen yon viwològ, Christian Drosten pou lopital inivèsitè Charite (Berlin), ki apiye premye posiblitea : '’ mwen sipozeke viris la se pa an Afrique du Sud li soti vrèmanmen pito li t ap evolye an silans nan yon pakèt lòt peyi.Gen anpil lòt ka ki nan wout toujou nan lòt peyi. Se sa viwològ la rapòte.


Gen anpil enfeksyon depi lontane pou ke viris sa pwopaje, yon gwo

presyon totalman nesesè.’’

Gen kèk lòt viwològ pami yo Andrew Rambaut pou inivèsite Édimbourg ( Écosse ) ki ret kwè ke viris la devlope lakay yon pasyan ki te enfekte men ki pa t prezante sentom vrèman e ke maladi a te petèt kache pa yon lòt maladi oubyen yon medikaman kèlkonk. Lè ke yo te dekouvri Alpha nan fen desanm 2020, li sanble te pran anpil pèmitasyon an menm tan. Sa ki te fè kèk chèchè relate prezansyon enfeksyon kwonik.Se la yo pral evoke

kesyon varyan Sars-CoV-2.

Men, gen yon biyolojis, Jessica Metcalf, ki pa fin ret kwè ke se yon ka sanblab a Sars-CoV-2. Li pito apiye repons Drosten nan kote ke viris la ta evolye an silans nan yon popilasyon ki pa t sou siveyans.

Men, sa pa anpeche ke anpil moun rete kwè ke viris la se nan yon bèt li devlope e ke bèt sa ta transmèt moun li. Varyan sa tèlman etranj, daprè Kristian Andersen, chèchè nan koze maladi ki enfekte moun pou Scripps Research, viris la gen ansanm melanj ke moun pa t janm detekte oparavan.


Men kesyon ke tout ap poze, kilè y ap pran yon souf anba maladi sa ? ToutfwaOMS panse ke fò k yo ta fè yon ti voye je sou kesyonrasanbleman an ke tout moun fin bliye.



Luckensly LUMA

 


POSTS RÉCENTS

bottom of page
>