> Toronto : Vil ki gen plis kilti nan mond >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Toronto : Vil ki gen plis kilti nan mond

Nan dyalèk ameridyen an, Toronto siyifi “Lieu de rencontre ». nou kapab di ke premye kapital metropòl kanadyen an te byen pote non sa. Toronto vrèman renmen e fyè de tit li genyen an ki se « Vil ki gen plis kilti nan mond lan », e sitou li rekonèt pa « Nation Unies ! ».


Sa fè pandan 2 syèk, li akeyi yon gran vag imigran ki sot an ewop, amerik latin, azi ak afrik. E rezilta, mwatye abitan vil sa fèt nan peyi etranje. Vil Toronto pibliye enfòmasyon pratik li yo nan 30 lang. Abitan li yo yo menm yo pale 140 lang an total. Se vrèman yon bon bagay pou peyi kanada, peyi ke yo toujou defini kòm miltikiltirè l la.


Kominote chinwaz, italyèn, filipin, pòtigèz ak espanyòl yo trè prezan nan vil sila, e san bliye premye nasyon yo, ki se pèp « Autochtone du canada ». Se yon melanj ki vrèman fè de toronto yon vil enkwayab e rich.


Answit, ou ka selon chwa ou : teste talan chantè w nan karaoke nan « Koreatown (Bloor Street West), manje Pasteis nan « Little Portugal (Dundas Street West), oubyen tonbe sou yon (Sari en soie) kolore oubyen yon « poulet tandoori » a Gerrard India Bazaar nan Little India (Gerrard Street East), oubyen plonje nan yon anbyans tropikal tèt chaje nan (Caribana Festival) nan mwa jwiyè oubyen al pran pleziw nan yon anbyans solèy nan Greektown (Danforth Avenue), Little Itaky ak Chinatown.

 

41 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>