> >
top of page
Rechercher

Top 7 metye ki pèmèt moun vwayaje

Photo du rédacteur: Wilgens SterlingWilgens Sterling

Anpil nan nou reve gen yon metye agreyab ki kapab rive fè lyezon ant travay ak vwayaj. Eh wi se posib! Gen anpil metye ki pèmèt ou travay aletranje, kap metew an deplasman detanzantan e ki alafwa kap edew dekouvri anpil rejyon nan mond lan.


1- Jounalis repòt

Jounalism se yon metye vrèman pasyonan. Dekripte enfòmasyon, ankete sou tèren, toujou pi prè aksyon yo, jounalis repòtè entènasyonal fè tour mond lan pou ka difize enfòmasyon dokimante e reyalist avek piblik kap li yo ak tande yo. Ou pa ta renmen jounalis ?

2- Komès entènasyonal (Commercial International)

Mondializasyon echanj yo, akselerasyon trazaksyon entènasyonal yo, devlopman mache entènasyonal yo nan kontinan Azi a oubyen Afrik la…donk rezon ki fè komèsan yo vize entènasyonal la vrèman anpil. Sòti de miltinasyonal a yon start-up kreyatif, jan de metye sa mande pouw gen yon profil komèsan ki pale plizyè lang e ki renmen vwayaje e ki kapab sedwi kliyan toupatou nan mond lan.

3- Direktè atistik mòd oubyen direktè casting

Metye mòd yo se okazyon pouw deplase souvan nan entènasyonal la. Malgre ritm travay la gen anpil konkirans e ki stresan pafwa, men pwofesyonèl mòd yo ; tankou direktè atistik yo, stilis ki trè rekoni yo, direktè Casting yo ak top model yo toujou ap vwayaje pandan tout ane a. al nan prezantasyon « Fashion Week » yo ak lòt evènman entènasyonal yo, donk pwofesyonèl mòd yo pa souvan repoze yo men yo vwayaje anpil.

4- Otès de lè, Steward ak Pilòt

Koman nou ta fè pa mansyone metye aviasyon an nan top metye kif è moun vwayaje souvan yo ? pèsonel kap travay andan avyon yo pase non selman anpil tan nan avyon men avek anpil eskal tou.ti moman skal yo se toujou okazyon pou yo repoze yo avan pwochen vol la epi dekouvri vil la oubyen rejyon kote yo desann lan. Anplis de sa, yo menm pwofite de avantaj ke konpayi a bay pou yo ka vwayaje ak fanmi yo.

5- Pwogramè oubyen devlopè freelance

Metye pwogramè yo ak devlopè yo pa telman egzije pouw ta pwòch kliyan jeografikman. Paske li posib pouw pwograme oubyen devlope yon aplikasyon oubyen yon sit a nenpòt distans ou ye nan mond lan, Selman toujou rete an kontak videokonferans, pa telefòn oubyen pa Email avek kliyantel ou a.

6- Montè video, teknisyen son, mizisyen oubyen aktè

Metye ki fè pati mond mizikal yo oubyen espektak yo, yo souvan kaptivan e yo atire anpil jèn pwofesyonèl nan pwodiksyon odyovizyèl ak kiltirèl. Jere sèn, jere son, pibliye tourne yo, answit jwe, anfen ! pèfòme nan mond entènasyonal la mande anpil travay, men mpa kwè gen pi gwo satisfaksyon ke travèse tout mond lan ak gwoup zanmiw yo, pouswiv yon konpetisyon oubyen yon tourne de yon peyi ak yon lòt ! se vrèman mèvèye !

7- Blogè, oubyen enfliyansè

Se yon metye kif è reve anpil moun men ki trè konkiransyèl e menm enstab sitou nan peryòd rezo sosyo sa. Men pou yon moun ki vrèman pasyone, kapab toujou eseye !

 

451 vues0 commentaire

Comments


POSTS RÉCENTS

bottom of page