> Top 5 vil nan mond lan ki bay plis milyadè >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Top 5 vil nan mond lan ki bay plis milyadè


¼ nan 2755 manb ki nan klasman milyadè mondyal Forbes 2021 an viv nan selman 10 vil nan mond, pandan ke gen 10% ki nan 4 metropol chinwaz yo. Se pou la premye fwa pandan 7 lane, New york pèdi plas #1 an, pandan ke « Pekin » enrejistre 33 nouvo milyadè. Dezòmè kapital chinwaz la konte 100 milyadè, li devanse vil new york la toupiti ki li menm konte 99 milyadè. Donk nou chwazi 5 vil nan 10 vil yo ki anrejistre nan ogmantasyon nonb milyadè pa ane.

1- Pekin 100 milyadè :

Akeyi 33 nouvo milyadè, malgre tout pwoblèm pandemi yo te gen pou yo rezoud, sòti de 4em plas la pou rive nan premye a. nouvo milyadè ki pi rich nan vil pekin an se « Wang Ning », ki genyen 34 lane, avek antrepriz jwèt li a ki rele « Pop Mart », ki te rantre nan « bous » nan vil Hong-Kong lan nan dat desanm 2020. Epi « Zhang Yiming » ki se pèsonaj ki pi rich nan vil Pekin an ki se fondatè medya sosyal ki rele TikTok la, rive double lajan li kote li atenn 35,6 milya dola. Donk sòm total vil la elve a 484,3 milya dola.

2- New york 99 milyadè:

Aprè li fin tonbe nan 2e pozisyon an, milyadè vil new york yo kapab konsole yo pwiske lajan yo genyen plis ke 80 milya dola anplis ke pa milyadè ki nan vil Pekin yo ki nan peyi lachin. Michael Bloomberg ki genyen (59 milya dola) se pèsonaj ki pi rich nan vil new york la. Youn nan nouvo milyadè ke Vil new york la bay ; rele Boris Jordan, ki sòti nan “Long Island” ki se fondatè distribitè “Cannabis Curealeaf”, san bliye Alexis Lê-Quoc ak Olivier Pomel, ki se ko-fondatè sosyete siveyans Cloud Datadog la. Donk sòm total vil la elve a 560,5 milya dola e li akeyi 7 nouvo milyadè.

3 – Hong Kong 80 milyadè :

Malgre tout efondreman ki te genyen nan sektè imobilye a ak anpil enjerans nan zafè politik peyi a, Hong Kong li menm li akeyi 9 nouvo milyadè, kote li vin plase ansyèn koloni britanik lan an 3e pozisyon nan espas kote milyadè yo viv la. Li Ka-Shin, ki se lejand nan koze envestisman an ki déjà an retrèt la, vin ajoute 12 milya sou lajan li, ki vin devni pèsonaj ki ki pi rich nan vil Hong Kong lan. Pandan se tan, bawon medya ki te ansyen milyadè Hon-kong lan, ki rele Jimmy Lai, te arete mwa dawout 2020 an akoz ke li tap eseye kontounen lalwa peyi a sou kesyon sekirite. Donk sòm total vil la elve a 448,4 milya dola.

4 – Moscou 79 milyadè :

akeyi 9 nouvo milyadè tou nan ane ki sot pase a, menm si vil la glise desann jiska 4e plas. Byen ke PIB peyi larisi a te ratresi nan lane 2020 an, ebyen lane a te bon pou milyadè kapital la ; tout 10 pèsonaj ki te pi rich vin pi rich toujou, kote yo ajoute 72 milya dola nan lajan kolektif yo. Donk sòm total vil la elve a 420,6 milya dola. E pèsonaj ki pi rich la se Alexey Mordashov ak Fanmi’l genyen 29,1 milya dola.

5 – Shenzhen 68 milyadè :

Benefis oubyen pwofi dirèk 24 milyadè nan vil Shenzhen lan devanse ke Selman pa sa pekin an. Donk 68 milyadè Shenzhen yo, eksepte yon sel, aprèsa tout net se otodikdak, se ki koz vil la gen tinon sa ki se « Silicon Valley chinoise ». Donk pèsonaj ki pi rich nan vil Shenzhen lan, se patron “Tencent, Ma Huateng” ki ogmante lajan a 28 milya dola, sa ki baya k ekspè web ak medya yo yon sòm total de 65,8 milya dola. Donk lajan sòm total tout vil la elve a 415,3 mikya dola.

 


90 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>