Wilgens Sterling
Top 5 vil ki resevwa plis touris pou lane 2021 an:

Singapour (5) : To kriminalite yo a trè fèb pou’n pa di pa gen ditou, yo pale yon lang konpreyansib, prensipalman angle, yon trè bon rezo transpò an komen, li se youn nan meyè konpayi avyon nan mond lan e yo gen yon anviwonman trè respektyez, tout sa fe de Singapour senkyèm vil ki pi vizite nan mond lan avek plis ke 14 milyon vizitè. Vil la atire touris toupatou nan mond lan ki vin admire « Gratsyèl » li yo e san bliye konstriksyon li yo ki vreman etonan, tankou : « Dome Floral », « Science Centre Singapore »