> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Top 5 vil ki pi pwòp nan mond lan (Klasman 2021)

Tout moun ta renmen viv nan yon espas ki bel e ki pwòp. Li trè difisil pou viv nan yon vil ki sal oubyen polye. Donk tout mond ta renmen rete nan yon vil kote lè a fre e pwòp. Epoutan, gen anpil faktè ki kontribye nan rann yon vil pwòp, men popilasyon an kap ogmante a toujou rann sa difisil.


Pou nou onèt avè’w, se toujou moun yo ki dèyè polisyon vil yo. paske se nou menm lèzòm ki itilize machin, bekàn e ki rann espas kote yap viv la sal e polye. Men se pa vrèman sa ki sijè a, jodya nou pral dekouvri ansanm top 5 vil ki pi pwòp nan mond lan pou lane 2021 an.


Gen plizyè vil nan mond lan, ki trè pwòp e genyen ki mwens pwòp e ki prèske pa gen polisyon. Pwòprete jwe yon wòl trè enpòtan nan mete yon vil an valè e pèmèt li pwogrese san rete. Ebyen nap prezantew klasman 5 vil ki pi pwòp nan mond lan nan lane 2021 an e ki ka siprann ou!!!