> Top 5 meyè kote pou’w ka obsève labalèn >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Top 5 meyè kote pou’w ka obsève labalèn

Quebec rekonèt entènasyonalman pou meyè kote pou obsève labalèn, men poukisa nou pa al dekouvri lòt kote pou’w ka kontanple zannimo majestye sa ! Sak anpeche’w al fon koudèy ?

1-Presqu’ile de Valdés, Argentine

Gras a klima li i fre e sèch anmèmtan, zile sa posede yon nati maritime ki vrèman abundant. Chak lane, nan sezon ivè, labalèn yo vini nan andwa sa pou repwodwi ak pran repo. Obsèvasyon labalèn yo vin devni yon aktivite touristik pou peyi sa. Se trè fasil pouw obsève parad kòman mal yo ap fè pou jwenn favè femèl yo nan moman ke yap koutize yo.

2-Bar Harbor, Maine, Etats-Unis

Vil sa se yon bon pwen depa pouw rive obsève defilman labalèn ak bòs yo ki sòti depi nan atlantik nò a.



3- Hermanus, Afrique du sud

Son kote ki vreman rekonèt pou youn nan pi gwo sit kote ou ka ale obsève labalèn, Hermanus se yon andwa kote yo benyen nan lanmè, ki sitye’l nan provens Cap-Occidental la. Se la Labalèn ki sòti nan (franche australe) yo vin pase ivè yo tou prè kot yo pandan peryòd ,mwa jwen ak oktòb yo, ki vin fè andwa sa meyè kote pou yon moun obsève zannimo ra sa yo.

4- Tadoussac, Canada

Kote sa sitye’l nan kafou flèv (Saint-Laurent) an ak gòlf (saguenay) la, vil Tadoussac la se antre pi bèl sit obsèvasyon mamifè maren sa yo, sitou labalèn ak bòs yo, ki vini repoze yo pandan sezon dete a.

5- Husavik, Islande

Bel ti vilaj pechè sa ki sitye’l nan nò island lan genyen, andan gòlf Skjakfandi a, yon nonb enkalkilab de balèn pandan sezon dete a. genyen yon varyete de espès nan zòn sa ; tankou Balèn Minke, Balèn ak bòs epi Orque.

 

77 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>