> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Tijuana, Vil ki pi danje tout mond lan

Vil meksik sa ki se « Tijuana », li sitye’l sou fwontyè sid califòni a, li te anrejistre 134 mò pou 100 000 abitan nan lane 2019 la. Tris rekò sa plase vil an tèt de vil ki pi danje nan mond lan. Jodi a nou gen chans pou’n kabap fè w wè a kisa vil sa sanble an reyalite, kote klandesten, trafik dwòg, jwèt lajan sal ak pwostitisyon.


« Welcome to Tijuana, tequila, sexo y marijuana” se selèb chanson de Manu Chao ki ap amize’l de la vi san fren ak repitasyon de danje de vil tijuana. Men tit sa trè lwen pou yon lòt vil ta vòlè tit sa.

Li sitye’l sou fwontyè avèk etazini, nan sid vil californie, vil meksikèn sa ki gen 1.7 milyon abitan pa sispann gen tansyon. Se vrèman yon sous enspirasyon pou amatè (roman polisye) yo. e pou rezon sa : Tijuana ap soufri de yon repitasyon « vil ki pi danje depi deja plizyè ane ».

Klandesten, Trafik dwòg, Asasina

Klandestinite, trafik dwòg, rezo pwostitisyon, gang, jwèt lajan sal, tout bagay sa yo kontribye nan rann vil sa selèb nan move sans lan. Men daprè yon estatistik yo te rann piblik daprè plizyè jounal nasyonal e entènasyonal, Tijuana dezòmè pran rekò mondyal asasina sou tèritwa li.

Avek yon rasyo de 134 mò pou 100 000 abitan, tijuana ta devni vil ki pi danje nan mond lan e menm devan tout lòt vil meksikèn yo tankou : Uruapan, Irapuato Obregon, Caracas nan peyi venezuela ak Le Cap nan peyi afrik di sid.