> salar d’Uyuni, pi gran dezè sèl ekstraòdinè nan mond lan. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

salar d’Uyuni, pi gran dezè sèl ekstraòdinè nan mond lan.


salar d’Uyuni se pi gwo dezè sèl ki pi laj e pi wo ki genyen nan mond lan, li gen yon sipèfisiki se 10,582 km². Li twouve l apeprè 3650 mèt sidwès Bolivi, nan pwovens Daniel Campos, nan depatman Potosi, nan rejyon altiplanique nan Cordillère des andes.

Sa fè ke kontinuèl fèy blan ki se Salar d'Uyuni a ka difisil pou fè diferans lan ant li ak syèl la lè w'ap gade l byen lwen. lè Salar la kouvri ak dlo li reflete nyaj yo. Espesyalman ant mwa janvye ak mas, pandan sezon lapli a.

salar d’Uyuni se pi gwo rezèv lityòm nan mond lan, li genyen plis pase 50 a 70 % lityòm, epi tou li gen anpil potasyòm, bor ak mayezyòm. Nan salar d’Uyuni, metòd tradisyonèl pou ekstrè sèl la se fòme plizyè ti pil pou evapore dlo a epi fasilite transpò.

Li antoure pa yon kouwòn de montay, kouch dlo ki kouvri yon pati nan sifas li a bay yon bèl reflè de nwaj yo, tèt montay yo avèk kèk Miraj , tankou nan nenpòt dezè merite pote non sa.

salar d’Uyuni se youn nan prensipal kwen touristik nan peyi bolivi pwiske genyen plis pase 60,000 touris ki vizite l chak ane. Pi bon moman pou vizite salar d’Uyuni se mwa novanm, mwa elvaj pou twa espès flamand elegant ki abite plizyè letan nan zòn nan.



88 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>