Wilgens Sterling
Premye fwa pi gwo bato mond lan te resi pran lanmè
Pi gwo bato mond lan te pran lanmè pou la premyè fwa a Saint Nazaire. Komand sa te fèt pa konpayi amerikano-nòvejyèn lan ki se (Royal Carribean Cruise Line), Li kapab akeyi jiska 7000 pasaje ak 2300 manb ekipaj.
Bato sila pote non : « Wonder of the Seas », li genyen andan’l 35 ba, 20 restoran, yon tyrolyèn ki mezi 24m de longè, yon similatè de “Surf”, 2 sal teyat, yon patinwa, ak 15 pisin. Li mezire 362m de longè ( swa 3 tèren foutbòl oubyen longè 10 avyon A320), answit li mezire 66m de lajè…sa se mezi enkwayab kwazyè sa a. Li konstwi nan chantye Atlantik de « Saint-Nazaire » depi lane 2019, kolosal bato sa pran lanmè pou la premye fwa vandredi 20 dawout ki sot pase la pou’l al fè 4 jou sou dlo pou yon eksperyans avan li operasyonel pou pasaje yo.
500 pwofesyonel pran lanmè avek kwazyè sa pou yo ka al fe yon tès, sou stabilite ak elekstrisite bato a, pou yo ka valide solidite ak konfòmite kwazyè a. Yo gen pou livre “The Wonder of the seas” la bay pwoprietè’l nan mwa novanm kap vini la, ki se dezyèm aksyonè mondyal. Pou li ale nan chantye Atlantik la, reprezante yon sòm kolosal de yon milya ewo.