> Premye fanm nwa ki fè tou mond lan : Jessica Nabongo >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Premye fanm nwa ki fè tou mond lan : Jessica Nabongo

Vwayaje, se ale pi wo ke prejije, ke koulè po, e se sa Jessica Nabongo demontre nou, ki se premye fanm nwa ki rive vizite tout peyi ki nan mond lan. Nasyonalite li se « Ougandaise et americaine ».

Li se yon ka ki trè patikilye paske Jessica pa gen rezo sosyo e li pa fè vwayaj sa pou l te ka fè pati Guinness record. Li te kòmanse vwayaje depi toupiti jiskaske l rive vizite tout peyi nan mond lan.


Non se pat pou la glwa, men se te jis pou plezi vwayaje. Byenke prèv vwayaj li yo egziste men nonb peyi yo pako ofisyèlman devwale men nan lane 2019 yon jounal afriken ki rele ”African Shapers” te pibliye dènye peyi ke li te vizite ki se te « Les seychelles » sa te fè l pase a 195ème peyi li vizite jou ki te 6 oktòb lan.

 

38 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>