> >
top of page
Rechercher

Poveglia, zile ki ante nan mond lan

Photo du rédacteur: Wilgens SterlingWilgens Sterling

Poveglia : Se yon ti zile ki sitye’l nan lak « Venise » la, nan peyi italie. Lè wap gade’l ou ka enpresyone, sitou lè wap gade vejetasyon’l yo, batiman ki kenbe gwo klòch vil la ak ansyen batiman li yo ki kraze. Epoutan, istwa ti zile sa chaje ak dram, an verite li se andwa ki pi ante nan mond lan. Nòmalman an XIVe syèk, plizyè endividi ki te frape pa maladi lapès, yo te ekzile britalman nan rejyon sa, yo te brile yo vif nan dife ak bwa answit antere yo nan yon fòs komin.


Answit, nan lane 1922, yon medsen te deside ouvri yon azil sikatrik sou ti zile a. daprè anpil rimè, yo rakonte ke li te livre’l ak de seri eksperyans malsen sou pasyan li yo ki kwè ke yo tande yon vwa ki sòti nan mi yo. li menm tou « medsen an», te kòmanse toumante tou pa plizyè espri ki tap terorize’l, e li te fini pa monte nan batiman ki gen klòch la answit li voye tèt li anba. Etablisman te fèmen definitivman nan lane 1968. Jounen jodya, yo rakonte ke klòch la kontinye a sone kèk lè nan jounen an e ke fantom viktim yo okipe espas modi sa toujou.

Si jodya yap òganize yon vwayaj pou al vizite si tout bagay sa yo se vre, ou prale ?🤔

 



14 vues0 commentaire

Comments


POSTS RÉCENTS

bottom of page