> Pon Zhaozhou, Pi ansyen pon an wòch nan mond la >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Pon Zhaozhou, Pi ansyen pon an wòch nan mond la


 

Li rekonèt kòm pon an wòch ki ansyen nan mond lan, Pon Zhaozhou te tèminie nan lane 605. Li pèmèt vilajwa yo travèse rivyè Xiaohe ki nan pwovens Hebei a. Konstriksyon pon sa te reyalize pa plizyè wòch kalkè e ki answit te vin ranfòse pa fè. Sou yon pwent vi teknik, pon sa toujou pratikab jiskaprezan nan pwovens Hebei a, e se yon veritab bijou teknolojik. Pon sila a gen yon koub lejèman sou do’l ki pemet pou dlo a ka pase parapò ak yon ouvèti de 37,47m ak yon wotè de 7,24m. 2 ak idantik ki sou chak kote yo sèvi tankou yon balans ak tout estrikti pon an. Pou dekorasyon chak kote yo, li dispoze de yon « Balustrades » antoure an eskilti anfòm dragon ak kreyati mitik. Lè kanpe sou pon Zhaozhou a ou santi vu a vreman inik. Li ofri ak tout vizitè’l yo yon vu panoramik san parèy sou distri Zhao a, nan vi Shijiazhuang.

 

pa bliye lè w fin li atik la kite yon like si w te twouve l itil epi yon kòmantè pou w ka pataje avi avèk nou oswa reponn ak kesyon ki sou afich la.





@five Stars Turismo

89 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>