> Pon Vasco de Gama yon reyalizasyon remakab nan peyi pòtigal. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Pon Vasco de Gama yon reyalizasyon remakab nan peyi pòtigal.

. .

Ouvraj syèk la pou pòtigal« Viaduc Sud du pont Vasco de Gama) li konstwi nan lane 1998, ki twouve’l nan peyi Pòtigal, dirèkteman nan vil « Lisbonne » nan yon eta ki rele « Setubal », li te premye pri de « Genie civil » nan (Biennale hispano-americaine de l’architecture et du genie civil a Madrid en 2000), se te pon ki te pi long nan ewòp nan moman konstriksyon li a, pon Vasco de Gama se yon reyalizasyon remakab ki te inogire nan okazyon « exposition universelle de lisbonne ». i travèse « l’estuaire du Tage » a 17 km, pon an konpoze de 5 ouvraj de yon achitekti byen distenk.

Yo konstwi’l konsa poul kapab reziste ak yon tranbleman de tè ki gen menm nivo magnitid ak yon tranbleman de tè ki te pase nan peyi pòtigal, presizeman nan vil Lisbonne nan lane 1755 ak yon anplitid ki te estime ak 8,7 sou yon echel de Richter makonnen ak yon rafal van siklonik ki te gen yon vitès de 250km/h. estrikti sa pemet li relye de fason dirab kot nò a ki trè devlope nan lisbonne ak kot sid la, anfen yo asire yo ke devlopman sa pemet tout anbouteyaj nan kesyon trafik nan kapital la.


Pon sila a an reparasyon. Li gen longè 3825m, platfom viaduc sa konpoze de 45m de (travées) anplis de 85 aliyman de 4 kolòn chak grenn, li kanpe sou plizyè baz yo fè anba lanmè a. kolòn ki sou tè yo twouve yo sou yon marè ki twouve sou yon plaj yo rele « Samouco ». Gen plizyè anomali yo detekte nan nivo kolòn yo e sa reprezante pi gwo koz travay yap fè ladanl jounen jodya. Defòmasyon lokal nan beton yo, yo fisire, gen yon vid ki kreye andan beton yo, avek plizyè lòt iregilarite sou kouvèti beton yo vin koz tout anomaly sa yo ki koz reparasyon jounen jodya. Jodya majorite nan anomali sa yo twouve yo nan nivo tranzisyon kolòn yo.

 



99 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>