> Plizyè lwa vote nan peyi rome pou pwoteje sit istorik yo a... >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Plizyè lwa vote nan peyi rome pou pwoteje sit istorik yo a...


Meri nan vil « Rome » adopte yon òdonans ki entèdi moun manje Sandwich nan sant vil istorik la. Moun ki tonbe anba lwa sa riske poul peye 500 euro amand.


Italy se peyi spageti ak pizza, men se pa sandwich. Nan vil « Rome », dezòmè yo entèdi tout konsomasyon sandwich nan sant istorik la sa fè déjà 8 lane. Meri vil la te deside pran yon limite atravè yon òdonans ki limite lib aksè ak pratik sa nan lari vil la. Li entèdi pou moun kanpe oubyen akoste yon kote pou manje oubyen bwè nan lari a, se yon fason pou yo ka kenbe valè istorik zòn lan ak achitekti patikilyè yo ka itilize selman tankou yon espas touris kapab jwi de panorama ke vil la ofri.


Siw pa byen enstale konfòtableman nan yon restoran, li preferab pou fè atansyon pouw mache avek « Casse croute » nan menw nan lari a paske viktim lan ap gen pou peye 500 euro. Se yon gran sipriz pou mezi ke meri vil la pran daprè tout touris yo men lokatè meri a enfòme ke yo aji pou prezève patrimwann sit la kont vagabon ak moun sanzabri pa pran abitid vin kanpe sou sit la.

72 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>