• Si ide òganize yon vwayaj pouw vin an « Rep. Dominicaine » pase nan lespriw, se san nil dout paske ou ta renmen pase plizyè moman ekstraòdinè, sitou sware kokotye yo, dlo transparan e mèvèye an plen solèy. Men, jodya nou vin diw ke gen kek kote pouw evite ; sitou zòn « Bajos de Haina » epoutan kote sa te vreman bel avan.
• Nòmalman, nou paka di ke vil sa ofri menm standa ou ka jwenn punta cana yo : yon plage chaje ak fatra, yon lanmè kontamine pa pwodei chimik…se vreman tout kontrè de yon destinasyon de rèv. Se yon sitiyasyon kif e nou raple nou de « Zile Henderson » ki gen plaj ki pi polye nan planèt la. Sof ke nan ka sa, oseyanograf yo te kapab eksplike fenomèn sa de fason syantifik. Men pou sa ki gen rapò ak « Plaj Gringo » reyalite a vreman pi di.
• Selon yon rapò ONU, Bajos de Haina se vil ki reprezante to ki pi wo nan kesyon kontaminasyon de plon nan mond lan, presizeman akoz de plizyè santèn izin kap fleri chak ane nan alantou an. E dayè gen polemik ki eklate apwopo de dega ki ta pase nan kek nan pwodwi yo : plizyè rezèvwa ki ta dwe genyen lwil soja ta pito chaje ak « diethylene glycol, de xylène oubyen ankò de acetate de vinyle, de seri de pwodwi ki vreman toksik ». Se vreman pa etonan ke yo bay vil sa ti sinon « Tchernobyl dominicain »
• E se pa selman plaj yo ki sibi tout dega sa yo. Pa gen kouran, pa gen dlo potab, lè a vreman irespirab : kondisyon vi nan vil « Bajos de Haina » vreman degoutan e inakseptab. Yon ti koudèy selman sou gwosè labou ki nan zòn lan ka fèw imajine eta sante fanm ak timoun kap viv nan zòn sa. Abitan yo pa janm sispann mande pou yo transfere yo yon lot kote, e yo envite gouvènman pou leve vin we eta yap viv. Epoutan gouvènman rete sou silans sou tout revandikasyon ak demand yo fè, pandan ke sitiyasyon an ap anpire de jou an jou.
Pa bliye klike sou ti kè ♥ pou kite yon like siw renmen atik la epi yon ti kòmantè pou di nou si atik la te itil ou.
Comments