Wilgens Sterling
Plaj Boa Viagem nan peyi Brezil, atansyon reken !!!
. .
Nan vil Recife nan peyi brezil, Plaj Boa Viagem la twouve’l nan zòn sid site a. se yon plaj ki nan kapital la, ki gen yon longè de 7 kilomèt, li atire anpil moun vin profite de bèl sab li a, de lanmè a ak anpil aktivite ki posib sou plaj la ak alantou li yo. Epoutan nou dwe fè atansyon, paske akoz de pètibasyon ekosistèm lan sa vin koz li atire anpil reken bò lanmè a, e ki vin reprezante yon danje pou najè yo. Daprè abitan zòn lan yo fè konnen ke gen plis ke 60 moun ki rive pèdi lavi yo sou plaj sa, sitou sila yo ki pa deside respekte konsiy sovtè yo. Donk nap raplew a fè anpil pridans, se vrèman enpòtan e fè atansyon pou'w pa ale pi lwen lèw wè dlo a kòmanse rive nan vant ou. Evite miyò pase mande PADON!
Pa bliye kite yon Like anba post sa si ou twouve l te itil.