> Plaj Bavaro, yon plaj enkwayab nan repiblik dominikèn! >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Plaj Bavaro, yon plaj enkwayab nan repiblik dominikèn!

Pase vakans ou sou kot paradizyak plaj Bavaro a, ki nan rejyon lès peyi repiblik dominikèn.


Ou ka pran yon enkwayab detant vakans nan zòn sa « Playa Bavaro », yon kote chaje ak plaj sab fen ak dlo pwop e ble. Kek gwenn ke nou konnen trè byen se : « Costa del Coco » te kreye sitou pou reponn ak bezwen ak plezi vizitè yo, sa ki pèmèt ke touris pa bezwen enkyete yo de anyen, pou yo ka byen detann yo jan sa te planifye.


« El Cortecito » se yon plaj piblik nan zòn lan, kote li posib pou yon vizitè ka vwayaje de yon lòt andwa tou pwòch nan bato (Canot-taxi = Bote-taxi). Gen plizyè destinasyon, an fonksyon de enterè pèsonèl vizitè yo. pou plonjè yo, plaj « Cabeza de Toro » a vreman ideyal, gras ak pisin natirel li a ki rele « Marinarium. Pou moun ki vreman kirye yo e ki renmen bel avanti yo, gen excursion ke yo òganize nan machin “Tout-terrain » yo nan Plaj « Vabo Engano », oubyen « Macao » yon kote ou ka rive pa entèmedyè yon « Tour en quad ». Sou plaj « El Cortecito », maren yo ofri ti pwomnad pou al fè lapèch oubyen plonje siw pat gentan rezève alavans nan otel la ; e pou moun ki renmen espò yo, ebyen «Catalonia Resort » dispoze yon tèren gòlf ki gen 9 twou.


Anplis de sa, gen plizyè excursions ki ale nan direksyon « Isla Catalina », « Isla Saona », e si ou renmen plonje anba dlo, ebyen pa ezite fè wout mize anba dlo a ki tout sou kot sid zile a.

 

18 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>