> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Peyi ki genyen mwens krim nan mond lan

Ou swete vwayaje pandan sezon ivè a oubyen sezon dete a pito, epi wap chache yon destinasyon ki 100% sekiritè ? ebyen men kek andwa ki mwen vyolan nan mond lan, kote sa yo afiche yon to de kriminalite trè ba avek yon stabilite politik fyab.


Daprè rapò anyèl de « International SOS and Control Risks », ebyen gen 4 peyi ki sèti venkè an tèm de sante ak sekirite nan mond lan. Vo mye ou chwazi youn nan destinasyon sa yo, wap plis alabri ke nan sètèn lòt peyi kote tansyon ak danje pa janm chome yon jou. Pou klasman sa te posib, nou te vize plizyè pwen esansyèl ke yon vwayajè ka fè fas pandan sejou li yo ; sou pwen lasante (maladi kontaminan), sou pwen sekiritè (to kriminalite a, sityasyon politik peyi a) ak posib risk de katastwòf natirel.

Donk se nan kontinan ewop la, nan nò ewop la pou plis presizyon ke ou menm avek fanmi ou ta rezève tikè pou pwochen vol ou a, paske nan tèt klasman peyi sa yo, premyèman se peyi « Danemark » ki rive avan. Aprè sa wap jwenn « Norvège », « Finlande » ak « Islande ». donk pa gen okenn pwoblèm pouw dirije vol ou a pou peyi sa e sitou Danemark paske se li ki an tèt nan kote ke pèsòn pa bezwen pè anyen pratikman. Fòk nou di’w nan peyi bonè sa yo aprann « Konfyans » avek timoun yo depi lè yo te nan pi jèn laj yo. e wap santi sa tout kote nan peyi Danemark la : abitan peyi sa pratike yon bagay kiltirel ki rele « Hygge », ki siyifi fason pou yo viv avek konfò ki