> Paris : Youn nan vil ki gen tout kilti mond lan >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Paris : Youn nan vil ki gen tout kilti mond lan

Vil limyè chaje ak kilti. Yo konte anviwon 200 nasyonalite e 20% de abitan vil paris yo soti direkteman de imigrasyon. Nan kapital figi mondyal sa, tout kilti yo viv ansanm depi lontan, kelkeswa orijin yo, relijyon yo, istwa yo ak nasyonalite yo.


Nò ak ès vil paris a an patikilye toujou gen nouvote san rete. Bar bobo yo ouvè a kote komès afriken yo “Chateau Rouge”. Pa bliye fè yon ti vire devan “marches de Belleville la nan 20e lan ak marchés de Barbès ki nan 18e lan. Son kote ki trè santi bon parapò ak patisri oryental yo fè nan zòn sa ak anpil lòt bagay.


Nan 5e lan, Parizyen yo renmen al pran yon ti thé oubyen kafe nan « mosquee de Paris » a, ki pa janm sispann ranpli le dimanch aprèmidi, e yo pap rantre tout tan yo pa fin admire trezò ak bel ekspozisyon « institut du monde arabe » yo, ki twouve’l pa two lwen de espas sa.


Nan lòt kote « Seine » lan, rivyè 4e lan gen yon « Pletzl » ki siyifi « plas » nan lang fransè a, se katye kote nan fen XIXe syèk la a lane 1930, te gen yon dizèn milye de jwif ke yo te mete deyò an ewop oryental akoz rasis kont popilasyon jwif la, vrè tèm lan se « antisemitisme ». jodya, li devni yon vilaj alafwa branche e tradisyonel, kote ou jwenn bon ti manje jwif pa egzanp : « falafels », avek yon bel « musee d’arts et d’histoire du judaisme », ni « La boutique jaune » lan tou, ki depi 70 lane, ap sèvi de seri de bon patisri « ashkenazes ».


Ann fon rive nan katye endyen yo nan 10e lan, direkteman nan « passage Brady » a, ki pote ti sinon « Little India », ak anviwon yo stasyon nò a. Restoran tipikman endyen ak boutik ki vann pwodwi endyen selman pa sispann miltiplye. Nan mwa dawout, kominote endyen yo toujou defile nan 18e lan pou selebre « Fête de Ganesh ».


Anfen, tout gran vil ki respekte tèt li paka pa genyen yon katye azyatik. Ebyen vil paris a vreman merite yon ti flannen pouw ka wè mèvèy, sitou nan 13e awondisman an. Laba gen yon enkwayab defile Dragon ki toujou òganize chak ane, nan okazyon nouvel ane chinwaz la. Vrèman ekstraòdinè!

 

33 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>