> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Pak Nasyonal Torres del Paine nan peyi chili


Li sitye nan Sant Patagonie, Pak nasyonal Torres del Paine lan se yon sit ki gen yon bote ki ra. Espektak peyizaj li bay a travè rivyè yo, lak yo ak montay yo toujou kaptive atansyon tout vizitè yo. li konsidere tou kòm yon mèvèy san parèy nan nati a e ki vo lapèn pou vizite.


Sifas la kouvri anviwon 200 000 ekta, pak la twouve’l presizeman tou prè fwontyè ajantin lan, nan sid peyi chili. Li twouve’l sou yon tèritwa ki nan komin ‘’Torres del Paine’’, nan pwovens ‘’Ultima Esperanza’’, nan rejyon ‘’Magallanes ak Antaktik chilyen’’. Pak nasyonal Torres del Paine lan pataje fwontyè nò li a avek ‘’Pak nasyonal Glaciares peyi Ajantin ak Pac nasyonal Bernardo O’Higgins nan lwès li’’.