> Pak nasyonal Marekaj etènel, yon rezèv bèt sovaj... >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Pak nasyonal Marekaj etènel, yon rezèv bèt sovaj...

Dernière mise à jour : 25 juin 2021


Li gen yon ti non poetik ki se « Pak nasyonal Marekaj etènel », li sitye’l nan sid vil eta Floride la. Li se pi gwo rezèv nati sovaj sibtropikal nan kontinan Nò ameriken an, li reprezante yon ecosystèm inik nan tout mond lan, trè byen prezève, ki ba’l dwa pou’l fè pati de Patrimwan mondyal imanite pa UNESCO. Zòn lan chaje ak dlo e sol la trè mouye, Les Everglades, jwen sous li nan rivyè Kissimmee ak Lak Okeechobee, ki se yon systèm ki lan e ki koule a yon distans 400m chak jou.


Li konstitiye de yon rezo marekaj nwaye nan yon vejetasyon ki telman flerisan, wa di se yon forè vyèj. Yo souvan konpare’l ak yon flèv chaje ak zeb ki sòti nan tè a ki al fini kous li nan lanmè a. divèsite zannimo akwatik ki gen nan zòn sa fè’l sanble ak yon bel vil chaje ak zwazo enpresyonan ( anviwon 300 espès), wap jwen tankou : Reptil, ak kèk espes menase tankou « Lamantin » ak lòt zannimo ki vreman menase disparèt tankou « Puma », «Kayiman » ak anpil lòt ras kayiman ki peple nan Sid Floride la. San bliye yon nonb enkalkilab de « Raton Laveurs ».

Pou pati flè ak plantasyon yo ; li vreman rich avek « cyprès » « akajou » « palmis » ak plizyè lòt plant ki kouvri zile a ; yo rele’l : « Hammocks ».


Gen plis pase yon santèn espès de flè sovaj kap pawoze sou zile a, ki pafime espas la. Pak Nasyonal Everglades genyen pi gwo ecosystem « Mangrove » ki pi laj nan emisfè oksdantal la, li se pi gwo espas zwazo akwatik nan amerik dinò a. peyizaj li ak karaktè ekslizif li ki trè byen prezève ki sisite yon enterè kay tout vizitè yo.

Pou vizite mare a ak mangrove la, gen yon bato trè espesyal ki la pou fè pakou a avek yo ki rele « Airboat ».

 

221 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>