> Otel enkwayab anba dlo, Maldives! >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Otel enkwayab anba dlo, Maldives!


Eske’w ka imajinew pase yon nwit nan pwofondè yon oseyan pandan ke wap pwofite bote lanmè a ? ebyen nan otel soumaren sa li sitye sou zile Rangali, a Maldives se déjà disponib. Aprè plizyè mwa konstriksyon, otel Muraka ouvri pòt li ak tout moun ki vle gen kontak avek oseyan endyen an pou pase nwit yo anba lanmè a.


Konsepsyon an, reyalize pa plizyè espesyalis M.J. Murphy, ki vrèman enkwayab. Pyès prensipal la sitye a 5m anba dlo tikwaz ki nan zòn sa, se kap pèmèt ou wè an premye plan lavi ki gen anba lanmè a nan mitan pwason miltikolò yo.


Muraka, siyifi « Koray », se pas sel avanti otel la genyen paske li relye ak rès estasyon an, ki genyen tou « Ithaa » ki se yon restoran 5 etwal, anplis de sa, si yon vizitè ta deside kite milye maren an ebyen kliyan sa ap toujou kontan, paske’l akonpanye de 4 majòdòm, yon chef, yon preparatè fizik, jet-skis ak yon sèvis Spa pandan 90 minit pa jou, li gen yon kapasite poul pran 9 moun selman.


Otel tet chaje sa gen poul klase nan kategori otel ki pi gran yo, pa selman pou pri li a ki elve a, ki se 50 000$ pa nwit, men se sitou pou dizay li ki vreman san parèy.


Ou pa ta renmen pase yon nwit nan espas mayifik sa ?

 

Bon jan vwayaj ak viza oswa rezidans brezil la, rele ☎ kounya nan five stars pou biyè a.


36 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>