> Oasis de Huacachina >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Oasis de Huacachina


Oasis de Huacachina, sitye nan pwovens ICA nan peyi Perou, a anviwon de 300km nan sid vil Lima, a 1h30 de wout Pisco a e a 4h de vil lima. Men vil ki pi pwòch la se ICA. Oasis sa li sou wout ki prale de Lima a Cuzco, chemen ke vwayajè ki pral « Machu Picchu » yo plis pran. Li chita nan mitan yon dezèm antoure ak sa bak palmis, « Oasis de Huacachina » ofri yon peyizaj paradizyak. Se 2e Oasis kontinan sid-amerik la, aprè pa chilyen yo « Vilaj San Pedro de Atacama ».


Otrefwa li te rezève selman ak yon gwoup de touris privilejye, Huacachina vin devni yon izin « Buggy » ak « sand boarding ». Oasis sa jodya devni yon pasaj oblije kote anpil vizitè vin an gwoup kap chache sansasyon fòt pou monte adrenaline yo. Oasis perouvyen an trè vèt, e ranpli ak restoran, otel ak enfrakstrikti touristik e li souvan foul ak moun. Anpil konpayi bus fè trajè sa jiska oasis la. Siw alèjik ak foul ebyen byen chwazi orè ou a avanw deplase.

Fizyon ki genyen ant bote ak enfrastrikti a vrèman enkwayab. Bri buggy yo kap deplase pa dizèn franchman ogmante eksitasyon anbyans lan. Pou’w reyisi ale nan Oasis la, se trè senp, bus perou yo vreman frekan nan sans sa nan vil « Cruz del Sur ». Depi vil Lima sa ap mandew 5èdtan anviwon. Wap jwenn otèl nan vil Ica ki a 10 minit nan machin. Answit ou ka ale nan eskisyon la depi nan maten pouw ka dekouvri lè peyizaj la kalm.


Ou pa gentan anvi la ? ki jwèt ou imajine wap fè la ?

 


9 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>