> Nouvote sou enèji renouvlab nan Vil Sydney peyi australie >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Nouvote sou enèji renouvlab nan Vil Sydney peyi australie

Depi 1e jiyè, « Vil Sydney » la, se awondisman santral vil ki pi peple nan peyi Australie, ni katye biznis ak plizyè katye rezidansyèl avek 250.000 abitan, li alimante ak elektrisite 100% renouvlab. Meri vil sydney la te deklare ke mond lan te twouve nan yon grav kriz klimatik. E li afime tou ke objektif prensipal la se te diminye emisyon gaz yo epi devlope yon milye enèji renouvlab yo ki sen.


Fok nou konnen ke nan mond lan, tout gran vil yo degaje preske 2/3 emisyon gaz ki gen efè « serre ». se rezon sa ke li plis ke nesesè e menm primòdyal pou nou chwazi yon seri de mezi klimatik ki mache e ki pèsistan. Antouka, Sydney fè premye pa sa e dezòmè li devni youn nan premye vil ki gen yon komitatè 100% ki fèt avèk enèji vèt.


¾ nan elektrisite ki founi nan vil sidney lan, yo dorijin ewolyèn, e rès ¼ ki rete a jenere pa 3 santral “photovoltaique ». youn nan yo, batize kòm « Shoalhaven, li konpoze de 10.000 pano e li alimante pa 1500 fwaye. »


E sa ki gen rapò ak santral solè Bomen an, li gen yon pwisans de 120 megawat, li diferansyel de lòt yo akoz de selil photovoltaique li yo ki gen 2 fas. E 310.000 pano li etale sou 250 ekta tè e yo tout ekipe de yon teknoloji ki swiv pozisyon solèy la pandan tout jounen an. Anplis de sa, selil 2 fas li yo kapte limyè 2 kote : fas ki bay pa dèyè a pwofite de limyè ki reflete a ak limyè kap difize pou jenere elektrisite a, epi fas ki avan an kapte reyon dirèk yo. konsa dispozitif yo kapab pwodwi an mwayèn de 10 a 25% enèji anplis parapò ak selil ki gen yon sel fas yo.


Nan kote van an, vil sidney la pral an pati alimante pa yon pak ewolyèn « Sapphire ». Sitye tou prè « Inverell », ki se pi gran pak ewolyèn « Nouvelle-Galles du sud » ki konpoze de 75 motè maximum a 200m de wotè, e ki ofri yon pisans total de 270 megawat. Pak sa pwodwi yon yon konsomasyon ki egal a 115.000 fwaye e ki pèmèt pou yo evite emisyon de 700.000 tòn CO2, pandan ke lap kreye yon mwayen ekonomik ki pozitif pou « Nouvelle-Galles du sud ».

 

12 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>