> Neko cafe Wayòm Chat yo. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Neko cafe Wayòm Chat yo.


« Neko cafe » siyifi « Cafe chat » se yon fenomèn japonè depi anviwon 5 lane, yo telman fè yon gran siksè ke sa rive yo adopte l nan deyò vil japon an. Selon kèk ekspè, li posib pou nou ta ka wè « Chat café » pa twò lontan nan peyi lafrans, sitou a pari.


Aktivite sa twouvel nan peyi japon, a tokyo, nan katye « Ikebukuro. « Nekorobi » se non’l, la wap jwen espas sa. Men ou ka jwenn lòt Neko cafe pi fasil nan katye ki pi frekante nan kapital japonèz la, pa egzanp : Shibuya, Shinjuku oubyen kèk lòt ankò.


Pouw penetre espas sa ; ou dwe retire soulye’w, tenis oubyen sandal, ou dwe lave menw epi chwazi kòmand ou an. Bwason pou ou epi manje pouw ka bay ak chat yo. Ou peye lè wap sòti, an fonksyon de nonb de tan ou fè nan etablisman an.


Neko Café, vizibleman se « Wayòm Chat yo », dayè gen yon liv Pratik ki eksplike klèman règleman ke’w dwe respekte an prezans chat yo :

• Pa kouri dèyè chat yo

• Pa kenbe ak pa fòse yo rete lè yo pa vle

• Pa leve yo nan domi oubyen fè yo pè nan pale two fò

• pa itilize flash ki nan aparèy fotow la


Anbyans la trè kalm e poze. Chat yo vire jan yo vle nan espas la, e sitou yo gen anpil eleman a disponibilite yo, tankou ; Pyebwa, panye, jwet, lanp) e moun sitou vini nan espas sa se pou kalm jeneral ki kreye nan prezans chat yo e selman pou yo. Ekleraj ak mizik tout mache nan sans chat yo. Se yon espas japonè yo renmen anpil.

51 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>