> >
top of page
Rechercher

Mykonos, yon zile touristik ekstraòdinè nan peyi Grèce.

  • Photo du rédacteur: Wilgens Sterling
    Wilgens Sterling
  • 19 mai 2021
  • 2 min de lecture

(Les Cyclades) se yon gwoup zile nan sidès lanmè Egée. Pami yo, wap jwen Mykonos yon zile ekstraòdinè. Li se yon espas pou vakans touristik chak moman été nan mond lan. Yo gen koutim sa gen plis pase 100 lane. Pran kelke minit pouw aprann avek nou mèvèy zile a.


Men kelke enfomansyon rapid sou zile sila a, ki twouvel an grèce la :

• Meyè peryòd lane a pou vizitel se Jwen ak Septanm

• lajan yo se Euro

• dire vizit yo kòmande a se 3 a 5 jours

• Klima : mwa dete, sèk, cho avek van

• kote sa bon pou tip vwayajè : fetan, zanmitay, koup ki renmen aksyon ak fèt.


Pwen fò zile sila a: avan tou fok ou konnen ke abitan zile sa vrèman enkwayab e yo vrèman akeyan. Anplis de sa, manje yo nan gou vizitè yo. E san bliye plaj yo ki ekstraòdinè e bel. Anfen pa gen mo pou eksplike tout sipriz zile sa a. Bon lè’l lannwit menm se pa pale. Tout espas la kouvri ak yon enèji pozitif ki rasire tout vizitè yo. Se ekselan !


Jan nou toujou konnen, tout sak gen pwen fò gen pwen fèb tou ; bon ann di enkonvenyan pito paske zile vreman chaje ak moun, answit vi a trè chè tou. Gen kek pati nan zile a ki vreman renpli ak moun kek fwa. Siw te deja konn viv nan espas ki ranpli ak moun ebyen li pap yon pwoblm pou ou, men malgre tout popilasyon sa, zile a toujou rete trè trè bel.


Men meyè plaj zile a : Tout plaj yo pa vreman egal sou tout zile a ki nan lanmè Egée a. Genyen ki trè animé, trè vif. Genyen ki chaje pyebwa, ak kek kote moun yo ka benyen toutouni ! sa nou rekomande pou plaj Mykonos yo se chwazi plaj ki vreman nan gouw la pandan ke wap kite lespriw ouvè.

 

Pou 250 reais sèlman kesso store ap update ou pou vwayaj la😎😎 se nou ki gen piyay lamitye!!


1 Kommentar


charlesedsonsucces
20. Mai 2021

Salut si m ta renmen ale Brésil eske wap ka ede m fé sa?

Gefällt mir

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>