> Musha Cay nan peyi Bahamas >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Musha Cay nan peyi Bahamas

Li sitye nan zile ‘’Exuma” nan peyi Bahamas. Se san okenn dout youn nan pi bel espas pou moun benyen nan mond lan men tou li se youn nan sa ki pi aksesib yo. lè wap gade nan kat postal la li trè bel e trè bel pou fè foto, li telman bel tout vizitè yo toujou kite espas ak anpil chagren.

Pil sab blan sa ki pèdi nan lanmè karayib sa, touprè vil floride la, pa malerezman aksesib ak tout moun, oubyen preske pa ak tout moun. Majorite zile yo prive, yo kapab lwe tout zile a pou kelke milye dola pou nwit lan ! E wi ‘’Musha Cay’’ akeyi ke selman moun ki prè pou depanse 50 000$ pa jou.


Pwopryetè bel zile sa rele « David Copperfield », yon selèb majisyen. Li te pran tèren paradizyak sa, e konstwi plizyè villas ki kapab akeyi an total 25 moun. E renome zile a Musha Cay « The Island of Copperfield Bay” an tout senplisite.

zile Bahamas yo konpoze de plis pase 700 zile men yon 20e selman abite tout ane a. zile ki pi pwòch la li omwen a 90km kif è yon destinasyon ideyal pou ameriken rich yo. Donk zile Bahamas yo sitye nan karayib la touprè Cuba ak miami nan vil Floride la.

 


17 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>